Nations Bible

Matthew 20

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan. 2Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. 3Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. 4Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. 5Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. 6Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? 7Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan. 8Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. 9Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. 10Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. 11Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. 12Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la. 13Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? 14Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. 15Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè? 16Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt. 17Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo: 18Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, 19y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò. 20Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l' yon favè. 21Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa. 22Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab. 23Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle. 24Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t' manke fache sou de frè yo. 25Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. 26Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. 27Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. 28Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun. 29Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi. 30Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou. 31Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou! 32Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou? 33Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò. 34Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Last and first on the way to Jerusalem

  • In this chapter Jesus is going up to Jerusalem, and at the close the group is leaving Jericho. Easton's Bible Dictionary calls Jericho “place of fragrance,” a fortified city among palm trees in the Jordan plain, about five miles west of the river, and the key to western Palestine. It also calls Jerusalem, known too as the holy city, a mountain city, and links its dual name with Zion and Moriah or, as some suppose, with the upper and lower city.Sources: Jericho · Jerusalem · the Bible text itself
  • The woman who kneels to ask that her two sons sit at Jesus’ right and left is the mother of Zebedee’s children. Zebedee, a Galilean fisherman and the father of James and John, seems, according to Easton's Bible Dictionary, to have had some position in Capernaum, with two boats and hired servants of his own. He is not mentioned again after Jesus called his sons.Sources: Zebedee · the Bible text itself
  • As they leave Jericho, two blind men call Jesus “Lord, Son of David.” David, whose name Easton's Bible Dictionary gives as “Beloved,” was the eighth and youngest son of Jesse of Bethlehem; as a youth he tended his father’s sheep on the uplands of Judah.Sources: David · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 17, 18
  • Jericho · Today: Tell el Alayiq · 31.852, 35.436 · verse 29

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.