Matthew 19
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, li ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. 2Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l' rive, li geri malad yo. 3Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz? 4Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. 5Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. 6Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm. 7Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avè li? 8Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa. 9Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan. 10Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye. 11Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa. 12Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l' asepte li. 13Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. 14Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. 15Li mete men l' sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l' te ye a. 16Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an? 17Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo? 18Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. 19Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou. 20Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò? 21Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. 22Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen. 23Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. 24M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. 25Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? 26Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè. 27Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou? 28Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la. 29Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an. 30Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.

Did you know?
Marriage, children, and the cost of following
- After finishing these sayings, Jesus left Galilee and went into the region of Judea beyond the Jordan, where large crowds followed him and he healed them. The Jews called Galilee Galil; it was also known as Galilee of the Gentiles, and Upper Galilee was distinguished from Lower Galilee. Under the Romans in the time of Christ, Judea was the southernmost of Palestine's three divisions, distinguished from Galilee and Samaria, and a dated account calls this teaching in Perea, beginning in AD 30.Sources: the Bible text itself · Galilee · Judea · Jesus Teaches in Perea
- Some Pharisees came to test Jesus, asking whether it was lawful for a man to divorce his wife for any reason, and they appealed to Moses' order that a man give his wife a certificate of divorce and send her away. Jesus replied that Moses permitted divorce because of their hardness of heart, though it had not been so from the beginning.Sources: the Bible text itself
- When Peter said that he and the others had left everything to follow Jesus, he spoke as a man trained as a fisher. Originally called Simon, he was the son of Jona, and his hometown was Bethsaida, on the western coast of the Sea of Galilee, where he had been brought up to that work.Sources: the Bible text itself · Simon Peter
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 1
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 1
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org