Nations Bible

Leviticus 22

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a pale ak Moyiz, li di li: 2-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a. 3W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a. 4Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a. 5Ou ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k'ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tèt pa l', prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye. 6L'a rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan. 7Apre solèy kouche, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se lè sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l'. 8Li pa gen dwa manje ni vyann bèt ki mouri mò natirèl, ni vyann bèt bèt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l' nan kondisyon pou li pa kapab fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a! 9Se pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen. 10Depi yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l' lakay prèt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. 11Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l', kit li te fèt lakay li, gen dwa manje nan manje prèt la resevwa a. 12Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo. 13Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'. 14Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmèt sa l' manje a plis ven pou san valè bagay la. 15Prèt yo pa gen dwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye. 16Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen. 17Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 18-Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan, 19se pou l' chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan. 20Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p'ap asepte l' nan men nou. 21Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'. 22Piga nou janm ofri bay Seyè a bèt je pete, bèt k'ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen malenng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Seyè a. 23Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l'. 24Pa ofri bay Seyè a yon mal bèt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gen dwa ofri bèt konsa nan peyi nou an. 25Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n' ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p'ap asepte yo nan men nou. 26Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 27-Lè yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l' dèyè manman l' pandan sèt jou. Depi sou wityèm jou a, nou gen dwa ofri l' pou boule nan dife pou Seyè a. 28Kit se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a. 29Lè n'ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyè a asepte ofrann lan nan men nou. 30Se pou nou manje l' menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Seyè a! 31Se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Wi, se pou nou swiv lòd mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a! 32Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen. 33Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Holiness in Offerings and the Priesthood

  • The sacred offerings contributed by Israelites were designated as food for the priests and their households. However, strict rules governed who could eat them: an unclean descendant of Aaron was barred until evening after washing, outsiders and hired hands were excluded, while a purchased or home-born servant could partake.Sources: the Bible text itself
  • Animals brought as sacrifices for burnt offerings or peace offerings had to be without blemish, such as blindness, injuries, sores, or physical deformities. In addition, newborn livestock had to remain with their mother for seven days before becoming eligible for sacrifice on the eighth day.Sources: the Bible text itself
  • If a non-priest unintentionally ate of the sacred food, the law required full restitution plus an additional fifth of its value paid to the priest. This ensured sacred contributions consecrated to God were not treated carelessly by the community.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 33

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.