Leviticus 21
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye, 2esepte pou fanmi pre anpil tankou manman, papa, pitit fi, pitit gason, frè. 3Pou yon sè, si sè a poko fè zafè, li gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. 4Yon prèt pa gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye lè se yon sè li ki deja marye ki mouri. 5Prèt yo pa gen dwa kale ankenn pati nan tèt yo, ni yo pa gen dwa taye pwent bab yo, ni yo pa gen dwa make kò yo avèk kouto, pou fè wè yo gen moun mouri. 6Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen. 7Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen. 8Tout moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Seyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye. 9Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'. 10Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri. 11Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l' apa pou mwen. Li pa fèt pou l' fè bagay ki pou mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l' derespekte kay yo mete apa pou Bondye a. 12Li pa fèt pou l' kite kay Bondye a pou l' al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l' osinon manman l' ki mouri a. Se mwen menm ki Seyè a! 13Granprèt la va marye ak yon jenn fi ki tifi. 14Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm. 15Sinon, pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm, Seyè a, ki mete li apa pou sèvis mwen. 16Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 17-Pale ak Arawon, w'a di li: Si gen yon moun nan fanmi ou ki gen yon enfimite, li p'ap janm ka pwoche pou l' fè ofrann manje pou Bondye li. Regleman sa a ou fèt pou swiv li tout tan de pitit an pitit. 18Ankenn gason enfim pa gen dwa prezante ofrann bay Bondye, kit li avèg, kit li bwete, kit li domaje nan figi, kit li difòm, 19kit li enfim nan men osinon nan pye, 20kit li gen boul nan do, kit li rachitik, kit li malad nan je, kit li gen maladi po, kit grenn li kraze. 21Depi yon gason nan ras prèt Arawon an enfim yon kote nan kò li, li p'ap ka pwoche pou fè ofrann pou boule nan dife pou Seyè a. Wi, si li gen yon enfimite, li p'ap ka pwoche devan Bondye pou fè ofrann pou li. 22Yon nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m' lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an. 23Men, li pa gen dwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l'. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Seyè a ki mete yo apa pou mwen. 24Se konsa, Moyiz pale ak Arawon, ak pitit gason l' yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, li di yo tou sa.

Did you know?
Holiness and Requirements for the Priesthood
- Ordinary priests were permitted to mourn only for immediate blood relatives—parents, children, and unmarried siblings—whereas the high priest was strictly forbidden from defiling himself for any corpse, including his own parents, and could not tear his vestments in grief.Sources: the Bible text itself
- While regular priests were forbidden from marrying divorced women or prostitutes, the high priest faced an even stricter standard: he was permitted to marry only a virgin from his own people.Sources: the Bible text itself
- Descendants of Aaron with physical blemishes or injuries were disqualified from presenting fire offerings at the altar, but they were still fully permitted to share in and eat the holy and most holy food portions.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org