Nations Bible

Joshua 9

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo. 2Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la. 3Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo, 4yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fè pwovizyon, yo chaje bourik yo avèk yon bann vye sak ak veso fèt ak po bèt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kò yo. Moun Gabawon yo pati. 5Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyèt moso, yo pote pou manje yo. 6Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non! 7Men, mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa: -Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou? 8Moun Evi yo di Jozye: -Se sèvi nou vin sèvi ou! Jozye mande yo: -Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou soti? 9Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip, 10ak tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt. 11Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n' al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou. 12Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, koulye a, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyèt. 13Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade koulye a jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil. 14Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa. 15Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen. 16Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pèp Izrayèl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayèl la. 17Moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim. 18Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa. 19Men, chèf yo reyini tout moun, yo di yo: -Depi nou fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, nou pa gen dwa manyen yo. 20Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou. 21Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a. 22Jozye fè chache moun Gabawon yo, li mande yo: -Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun. 23Poutèt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sèvi nou domestik. Depi jòdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an. 24Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa. 25Koulye a, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l' la. 26Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pèp Izrayèl yo, li pa kite yo touye yo. 27Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Gibeonite Treaty

  • The inhabitants of Gibeon were Hivites whose territory included four cities: Gibeon, Chephirah, Beeroth, and Kiriath-jearim. Located only about five and a half miles northwest of Jerusalem, Gibeon was a major hill-city that chose diplomacy over the military alliance formed by neighboring Canaanite rulers.Sources: the Bible text itself · Gibeon · Hivite
  • To fabricate evidence of a long journey, the Gibeonites carried cracked wineskins, worn sandals, threadbare clothes, and dry, moldy bread. The Israelite leaders examined the physical provisions but neglected to seek counsel from the Lord, leading them to agree to a covenant of peace.Sources: the Bible text itself
  • In ancient Israel, an oath sworn in the name of the Lord was binding even when secured through deception. Because the leaders had sworn by God, the Israelites spared the Gibeonites from death and instead assigned them as woodcutters and water carriers for the community and the altar.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 1
  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verses 1, 3
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 1, 10
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 1
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · verse 1
  • Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verses 3, 17
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 9
  • Bashan · 32.781, 35.935 · verse 10
  • Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verse 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.