Nations Bible

Joshua 8

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou. 2Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè. 3Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (030.000) vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit. 4Men lòd li ba yo: -Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake. 5Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m' yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo soti vin fè fas kare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l' anvan an. 6Yo menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a. 7Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a soti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Seyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou. 8Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l' jan Seyè a te mande l' la. Men lòd mwen ban nou. 9Se konsa, Jozye voye yo ale. Y' al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an. 10Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo. 11Sòlda ki te avè l' yo rive jouk anfas pòtay lavil la. Yo moute kan yo sou bò nò lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a. 12Jozye pran senkmil (05.000) sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. 13Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an. 14Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dèyè. 15Jozye ak moun pa l' yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a. 16Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè. 17Pa t' gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri soti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pesonn pou defann li. 18Seyè a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la. 19Leve li leve men l', mesye ki te anbiske kò yo soti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l'. 20Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo. 21Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo. 22Lòt moun pèp Izrayèl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan, 23esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye. 24Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'. 25Jou sa a, yo touye douzmil (012000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a. 26Jozye menm te kenbe bra l' leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a. 27Moun Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyè a te bay Jozye lòd la. 28Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a. 29Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a. 30Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal. 31Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pa t' janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Seyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon. 32Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l' sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la. 33Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon. 34Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a. 35Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Fall of Ai and the Covenant at Mount Ebal

  • Ai was the second Canaanite city captured by Israel, located east of Bethel. Joshua used the rugged terrain to set an ambush of troops between Bethel and Ai, feigning a retreat to draw out the defenders before signaling his men to seize and burn the city.Sources: Ai · Bethel (of Palestine) · the Bible text itself
  • Following the battle, Joshua built an altar of uncut stones on Mount Ebal, precisely following instructions written in the Law of Moses that forbade using iron tools on altar stones. Burnt offerings and peace offerings were sacrificed there, and a copy of the law was inscribed on the stones.Sources: Mount Ebal · Moses · the Bible text itself
  • The entire community of Israel—including native citizens, resident foreigners, women, and children—gathered in the valley between Mount Ebal and Mount Gerizim. Positioned on either side of the Ark of the Covenant, they listened as Joshua read all the blessings and curses of the law.Sources: Mount Ebal · Mount Gerizim · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 2
  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 14
  • Mount Ebal · 32.234, 35.273 · verses 30, 33
  • Mount Gerizim · 32.199, 35.273 · verse 33

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.