Joshua 18
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo. 2Men, te gen sèt branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo nan tè a. 3Lè sa a, Jozye di yo: -Kisa n'ap tann pou n' al pran peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou an? 4Chak branch fanmi pral chwazi twa gason ban mwen. M'a voye yo al mache toupatou nan peyi a. Y'a make pòsyon yo ta renmen gen pou yo. Apre sa, y'a tounen vin jwenn mwen. 5Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò. 6N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an. 7Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Seyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l' la. 8Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a: -Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l'. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m' ka tire osò pou nou, pou m' ka konnen volonte Seyè a. 9Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fè sèt pòsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l' bay Jozye nan kan Silo a. 10Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo. 11Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò. 12Sou bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt avenn lan. 13Apre sa, li pase lavil Louz, sou bò sid bit Louz la kote yo rele jouk jòdi a Betèl. Li desann Atawòt ada, sou mòn ki sou bò sid lavil Bètowon an. 14Lizyè a fè yon koub, li vire kite direksyon lwès, li pran direksyon sid, depi sou mòn ki anfas Bètowon an sou bò sid, jouk li rive lavil Kiriyat-Baal yo rele Kiriyat-Jearim jòdi a, ki te pou moun Jida yo. Se sa ki te limit pòsyon pa moun Benjamen yo sou bò solèy kouche. 15Men limit yo sou bò sid: li pati depi nan Kalfou Kiriyat-Jearim lan, li moute bò Gachen, li pran direksyon lwès, li parèt bò sous dlo Neftoa yo. 16Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl. 17Apre sa, li fè yon koub li vire sou nan nò, li pase Anchemèch. Apre sa, li rive Gelilòt anfas pas Adoumim. Li desann bò Wòch Boan. Boan sa a te pitit Woubenn. 18Apre sa, li pase sou flan nò mòn Neta araba, li desann nan fon Jouden an. 19Li rive sou flan nò mòn Bèt-Ogla. L' al bout nan pwent nò lanmè Mouri a, nan bout sid larivyè Jouden an. Se sa ki te limit sid yo. 20Sou bò solèy leve, larivyè Jouden an te sèvi yo baliz. Men limit pòsyon tè yo te bay moun Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo. 21Men non lavil ki te pou fanmi moun Benjamen yo. Se te Jeriko, Bèt-Ogla, Emèkkesis, 22Bèt arara, Semarayim, Betèl, 23Avim, Para, Ofra, 24Kefa amoni, Ofni, Geba. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 25Te gen tou Gabawon, Rama, Beewòt, 26Mizpe, Kefira, Mosa, 27Rekèm, Jipeyèl, Tareala, 28Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.

Did you know?
Assembly at Shiloh and Benjamin's Allotment
- The assembly of Israel established the Tent of Meeting at Shiloh, a city in Ephraim north of Bethel. This made Shiloh the central place of worship and the staging ground for distributing the remaining land to the tribes.Sources: the Bible text itself · Shiloh
- To divide the territory among the seven remaining tribes, Joshua sent three men from each tribe to walk the land and record a detailed description of seven portions. Joshua then cast lots in the presence of the LORD at Shiloh to assign each allotment.Sources: the Bible text itself
- The first lot among the seven tribes fell to Benjamin, situated between the territories of Judah to the south and the house of Joseph to the north. This compact allotment included prominent cities such as Jericho, Bethel, and Jebus (Jerusalem).Sources: the Bible text itself · Benjamin (patriarch)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verses 1, 8, 9, 10
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 7, 12, 19, 20
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verses 12, 21
- Lower Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 13
- Luz · Today: Beitin · 31.923, 35.241 · verse 13
- Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 14
- Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verses 14, 15, 28
- Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 16
- Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 16
- Adummim · 31.817, 35.362 · verse 17
- Arabah · 30.417, 35.151 · verse 18
- Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 19
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 25
- Mizpeh · Today: Tell en Nasbeh · 31.885, 35.216 · verse 26
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 28
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org