Joshua 17
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan. 2Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la. 3Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. 4Yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa: -Seyè a te bay Moyiz lòd pou l' te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo. 5Konsa yo te rive bay moun Manase yo dis pòsyon tè, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lòt bò larivyè Jouden an, 6paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo. 7Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo. 8Tout peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fwontyè a te pou moun Efrayim yo. 9Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bò nò ravin lan epi l' al bout nan lanmè. Tout lavil ki te sou bò sid ravin lan, atout yo te nan mitan tè moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye. 10Moun Efrayim yo te anba sou bò sid, moun Manase yo te anwo sou bò nò, avèk lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pòsyon tè yo a te rive sou lizyè tè moun Asè yo sou bò nò ak lizyè tè moun Isaka yo sou bò lès. 11Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo. 12Men, moun fanmi Manase yo pa t' kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyò. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a. 13Men, lè moun Izrayèl yo vin pi fò, yo pa mete yo deyò nan peyi a, yo sèlman fòse yo fè kòve pou yo. 14Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou. 15Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou. 16Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou. 17Jozye di moun Jozèf yo, ki vle di moun Efrayim yo ak moun Manase yo: -Nou anpil vre. Nou gen anpil fòs. Nou pa ka rete ak yon sèl pòsyon tè. 18Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.

Did you know?
The Allotment for Manasseh and the House of Joseph
- The tribe of Manasseh was split geographically on both sides of the Jordan River. Because the clan of Machir was renowned for warfare, they had already received the eastern territories of Gilead and Bashan, while the remaining clans received ten portions on the west side of the Jordan.Sources: the Bible text itself · Machir · Gilead · Bashan
- The daughters of Zelophehad—Mahlah, Noah, Hoglah, Milcah, and Tirzah—approached Joshua and Eleazar the priest to claim the property rights previously granted to them through Moses. Their claim resulted in female heirs receiving land portions alongside their father's brothers.Sources: the Bible text itself · Hepher · Machir
- When the tribes of Ephraim and Manasseh complained that their territory was too small, Joshua urged them to clear the forested hill country instead of fearing the lowland Canaanites, who possessed iron chariots around cities like Beth-shean.Sources: the Bible text itself · Joshua · Beth-shean
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Bashan · 32.781, 35.935 · verses 1, 5
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verses 1, 5, 6
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 1, 2, 5
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 7
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verses 9, 10
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 11
- Taanach · Today: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · verse 11
- Valley of Jezreel · Today: Jezreel Valley · 32.596, 35.242 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org