Nations Bible

Jeremiah 35

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a pale ak Jeremi ankò, lè sa a se Jojakim, pitit Jozyas, ki te wa peyi Jida. Li di l' konsa: 2-Al jwenn moun branch fanmi Rekab yo. Pale ak yo. Fè yo vini ak ou nan yonn nan pyès chanm Tanp lan. Lè y'a rive la, w'a ba yo diven bwè. 3Se konsa Jeremi al chache tout branch fanmi Rekab yo, depi Jazanya, pitit gason Imeja, ki te pitit Abasinya, ansanm ak tout frè l' yo ak tout pitit gason yo. 4Li mennen yo nan tanp lan. Li fè yo antre nan pyès chanm yo te bay patizan pwofèt Anan, pitit Igdalya a. Pyès chanm sa a te kole kole ak chanm chèf tanp yo, li te anwo pyès chanm ki pou Maseya, pitit gason Chaloum lan, prèt ki te reskonsab veye pòtay tanp lan. 5Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: -Bwè diven non! 6Men yo reponn li: -Nou pa bwè diven non. Paske zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab la, te ban nou lòd sa yo: Pa janm bwè diven, ni nou, ni pitit nou yo. 7Pa janm bati kay, pa janm travay latè, pa janm plante rezen, pa janm achte bagay konsa non plis. N'a pase tout lavi nou anba tant. Konsa, n'a rete lontan nan peyi ki pa pou nou an. 8Nou toujou obeyi lòd zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab, te ban nou. Nou pa janm bwè diven nan vi nou, ni nou menm, ni madanm nou, ni pitit gason ak pitit fi nou yo. 9Nou pa bati kay pou nou rete. Nou pa gen pye rezen. Nou pa gen jaden pou n' plante. 10Se anba tant nou rete. Konsa, nou toujou fè tou sa Jonadab, zansèt nou, te ban nou lòd fè a. 11Men, lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, anvayi peyi a, nou yonn di lòt: Ann antre lavil Jerizalèm pou nou chape anba lame moun Babilòn yo ak lame moun peyi Siri yo. Se konsa nou vin rete lavil Jerizalèm. 12Lè sa a Seyè a pale ak Jeremi. 13Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di l': -Ale jwenn moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo, w'a di yo: Poukisa yo pa pran leson sou moun Rekab yo, pou yo fè sa mwen di yo fè. Se mwen menm Seyè a k'ap mande yo sa. 14Jonadab, pitit Rekab la, te bay lòd pou pitit li yo pa janm bwè diven. Jouk jounen jòdi a yo pa janm bwè diven. Yo swiv lòd zansèt yo te ba yo a. Men nou menm, mwen pa janm sispann avèti nou. Nou pa janm koute m'. 15Mwen pa janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m'. 16Pitit Jonadab yo te fè tou sa zansèt yo te mande yo fè, men nou menm moun Jida yo, nou pa vle koute m'. 17Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m'. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen. 18Apre sa, Jeremi di moun Rekab yo: -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te swiv lòd zansèt nou, Jonadab, te ban nou an. Nou te fè tou sa li te mande nou fè, tout lòd li te ban nou yo. 19Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Va toujou gen yon gason nan fanmi Jonadab, pitit Rekab la, pou sèvi mwen.

Did you know?

The Faithfulness of the Rechabites

  • The Rechabites were a nomadic clan whose ancestor, Jonadab son of Rechab, had forbidden them from drinking wine, building houses, sowing fields, or planting vineyards, instructing them to live only in tents. For generations, the entire community faithfully kept these ancestral commands.Sources: the Bible text itself · Jonadab · Rechab
  • Although committed to living in tents in the open country, the Rechabites had temporarily moved within the fortified walls of Jerusalem to find safety when Nebuchadnezzar and the Babylonian army invaded the region.Sources: the Bible text itself · Jerusalem · Babylon
  • During the reign of King Jehoiakim, God instructed Jeremiah to invite the Rechabites into a chamber in the temple and set wine before them. Their steadfast refusal to violate their forefather's command served as an object lesson highlighting Judah's persistent disobedience to God.Sources: the Bible text itself · Jehoiakim · Jeremiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 11
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 11
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 11, 13, 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.