Nations Bible

Jeremiah 34

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Yon lòt jou, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Li te gen avè l' tout lame pa l' la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li. 2Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'. 3Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn. 4Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesaj Seyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè. 5W'ap mouri mouri ou nan kabann ou. Lè sa a, y'a boule lansan pou ou menm jan yo te konn boule lansan pou zansèt ou yo ki te wa anvan ou. Y'a rele pou ou, y'a di: Ki lapenn sa a? Wa a mouri! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Se mwen ki bay mesaj sa a. 6Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesaj sa a lavil Jerizalèm. 7Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje. 8Men nan ki sikonstans Seyè a te pale ak Jeremi ankò. Wa Sedesyas te siyen yon kontra ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm pou yo te bay 9tout moun menm ras ak yo, fanm kou gason, ki te esklav lakay yo libète yo. Konsa, pesonn nan moun Jida yo pa t'ap gen yon frè parèy yo k'ap sèvi yo esklav. 10Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre. 11Men apre sa, yo chanje lide, yo pran moun yo te bay libète yo, fanm kou gason, yo fòse yo tounen sèvi yo esklav ankò. 12Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 13-Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo: 14Lè yon ebre parèy nou vann tèt li ban nou pou l' sèvi nou esklav, apre sizan li pase ap sèvi nou, sou setyèm lanne a se pou nou ba li libète l'. Se pou nou kite l' ale. Men, zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa t' okipe sa m' te di yo. 15Men nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pa t' fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an. 16Apre sa, nou chanje lide, nou pa respekte m'. Nou tout nou fè esklav nou te bay libète yo tounen lakay nou, fanm kou gason, nou fòse yo vin sèvi nou esklav ankò. 17Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi. 18M'ap mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou. 19Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m' lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou. 20M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa. 21M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale. 22M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l', y'ap mete dife ladan l'. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Did you know?

The Broken Covenant and Judah's Last Strongholds

  • As Nebuchadnezzar's forces advanced against Jerusalem, Lachish and Azekah were the only two other fortified cities in Judah left standing. Both were key defensive strongholds located in the Shephelah, the low foothills of western Judah.Sources: the Bible text itself · Lachish · Azekah · Nebuchadnezzar
  • The chapter describes an ancient covenant ritual where participants cut a calf in two and walked between the severed halves. This ceremony symbolized that anyone who violated the oath would suffer the same fate as the slaughtered animal.Sources: the Bible text itself
  • Under siege, King Zedekiah and the leaders of Jerusalem agreed to release their Hebrew slaves in accordance with ancient law. However, once the Babylonian army temporarily withdrew, the slaveholders reneged on their oath and forced the freed individuals back into servitude.Sources: the Bible text itself · Zedekiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 2, 3, 7, 21
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 6, 7, 8, 19, 21
  • Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 7
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.