Jeremiah 20
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Pachou, pitit gason Imè a, te tande Jeremi t'ap di tout bagay sa yo. Pachou te yon prèt ki te chèf reskonsab Tanp Seyè a. 2Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l' nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Seyè a. 3Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l' konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou. 4Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo. 5M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn. 6Ou menm menm, Pachou, y'ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y'ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w'a mouri, se la y'a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t'ap koute mesaj manti ou t'ap bay yo. 7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib. 8Chak fwa pou m' pale se rele pou m' rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesaj ou, y'ap fè m' wont, y'ap pase m' nan betiz. 9Men, lè m' di: Mwen p'ap nonmen non Seyè a, mwen p'ap pale nan non l' ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m' k'ap boule tout anndan m'. Mwen fè sa m' kapab pou enpoze l' soti. Malgre sa, li soti soti l'. 10Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l' bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y'ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l'. Lè sa a, n'a met men sou li, n'a tire revanj nou. 11Men, Seyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m' yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo. Se va yon wont pesonn p'ap janm bliye. 12Seyè ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri. Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo. Se pou m' wè ou tire revanj ou sou yo, paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen. 13Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo. 14Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m' te fè m' lan! 15Madichon pou moun ki t' al fè papa m' konnen li gen yon pitit gason epi ki te fè kè l' kontan lè sa a! 16Se pou nonm sa a tankou moun lavil Seyè a detwi pou tout tan an yo. Nan maten, se pou l' tande rèl moun ki nan lapenn. Vè midi, l'a tande siyal lagè, 17Paske li pa t' touye m' anvan m' te fèt la, pou vant manman m' te tou sèvi m' kavo: li ta rete ansent mwen pou tout tan. 18Poukisa m' te fèt atò? Pou m' te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m' te ka mouri nan lawont?

Did you know?
Jeremiah's Persecution and Inner Turmoil
- Pashhur, the priest who arrested and beat Jeremiah, was the son of Immer—the ancestral head of the sixteenth priestly division—and served as chief official in the house of the LORD. His high administrative post gave him the authority to punish Jeremiah and confine him in wooden stocks at the Upper Gate of Benjamin near the temple.Sources: Immer · Gate of Benjamin · the Bible text itself
- Upon being released, Jeremiah announced that God gave Pashhur the symbolic name 'Magor-missabib' ('terror on every side'). Jeremiah prophesied that Pashhur, his household, and his friends would be carried away captive into Babylon to die, alongside the plunder of Judah's wealth.Sources: Babylon · the Bible text itself
- The chapter reveals Jeremiah's intense emotional struggle between public derision and prophetic compulsion. Although mocked and betrayed by close friends, he confessed that holding back God's message felt like a fire burning in his heart and shut up within his bones.Sources: Jeremiah · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Benjamin Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 4, 5, 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 5
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org