Nations Bible

Jeremiah 19

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou. 2W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a. 3Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo. 4M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan. 5Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'. 6Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la. 7Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa. 8M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l'. 9Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt. 10Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo. 11W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo. 12Se sa mwen pwomèt pou m' fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l' yo. M'ap fè lavil la tounen tankou Tofèt. 13Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye. 14Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Seyè a te voye l' al bay mesaj li a, li al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa: 15-Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Broken Jar and the Valley of Ben-hinnom

  • God instructed Jeremiah to lead elders and priests through the Potsherd Gate—which led toward the potter's field—into the Valley of Ben-hinnom, also known as Topheth. There, the people of Judah had practiced child sacrifice and built high places to Baal, leading God to declare that the location would be renamed the Valley of Slaughter.Sources: the Bible text itself · East Gate · Baal
  • Jeremiah performed a prophetic act by smashing an earthenware jar in front of the accompanying leaders. This irreversible destruction served as a visual symbol that Jerusalem and its houses would be shattered beyond repair because of their idolatrous practices, including burning incense to other gods on their rooftops.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verses 2, 6
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 3, 7, 8, 11, 13
  • Topheth · Today: in the Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verses 6, 11, 12, 13, 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.