Judges 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a: 2-Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè! 3Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la! 4Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo. 5Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! 6Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen. 7Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la. 8Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (040.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi. 9Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a! 10Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen! 11Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo. 12Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini! 13Lè sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Seyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè. 14Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon. 15Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini. 16Poukisa yo rete dèyè avèk mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini! 17Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo. 18Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a. 19Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan! 20Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera. 21Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale! 22Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo. 23Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li. 24Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil. 25Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen. 26Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'. 27Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt. 28Manman Sisera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini? 29Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l': 30-Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'. 31Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

Did you know?
The Song of Deborah and Barak
- The poetic victory song highlights the varied responses of the Israelite tribes during the crisis. While groups like Zebulun, Naphtali, and Issachar risked their lives in the battle, others such as Reuben, Dan, Asher, and the inhabitants of Gilead stayed behind among their flocks, ships, and coastal harbors.Sources: the Bible text itself · Zebulun · Gilead
- The decisive conflict took place near Taanach by the waters of Megiddo, an area along the Jezreel plain where the overflowing torrent of the Kishon River swept away the opposing forces.Sources: the Bible text itself · Taanach · Barak
- The poem creates a vivid literary contrast between two women: Jael, the tent-dwelling Kenite who brought down the commander Sisera, and Sisera's aristocratic mother, who peered through a lattice window awaiting plunder and a son who would never return.Sources: the Bible text itself · Jael · Sisera (army captain)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Edom · 30.746, 35.604 · verse 4
- Mount Tabor · Today: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · verse 13
- Amalek · 30.648, 34.422 · verse 14
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 17
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 17
- Canaan · 32.767, 35.333 · verse 19
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 19
- Taanach · Today: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · verse 19
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org