Nations Bible

Judges 4

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a. 2Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim. 3Li te gen nèfsan (0900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a. 4Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la. 5Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo. 6Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (010.000) gason avè ou. 7M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou. 8Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale. 9Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak. 10Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (010.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou. 11Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la. 12Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò. 13Sisera fè chache nèfsan (0900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon. 14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'. 15Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou! 16Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape. 17Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt. 18Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l' konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra. 19Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò. 20Sisera di l' ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pesonn. 21Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri. 22Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li. 23Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la. 24Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l'.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Deborah, Barak, and the Defeat of Sisera

  • Deborah is introduced as both a prophetess and a judge over Israel. Instead of leading from a military garrison, she held open court under a palm tree in the hill country of Ephraim between Ramah and Bethel, where Israelites came to seek her counsel and settle disputes.Sources: the Bible text itself · Deborah
  • The battle pitted 10,000 foot soldiers from Naphtali and Zebulun against Sisera's formidable force of 900 iron chariots stationed along the Kishon riverbed near Harosheth-hagoyim. Iron chariots gave Canaanite forces significant dominance on flat terrain, but Barak's forces descended upon them from the elevated slopes of Mount Tabor.Sources: the Bible text itself · Harosheth-hagoyim · Kishon · Barak
  • Sisera sought refuge with the Kenites because their chieftain Heber was at peace with King Jabin of Hazor. Nomadic women were traditionally responsible for pitching and maintaining tents, making Jael adept with the wooden pegs and mallets she ultimately used against Sisera.Sources: the Bible text itself · Jael · Heber · Sisera (army captain)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Canaan · 32.767, 35.333 · verses 2, 23, 24
  • Hazor · Today: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · verses 2, 17
  • Mount Tabor · Today: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · verses 6, 12, 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.