Isaiah 9
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò. 2Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo! 3Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè. 4Paske ou kraze bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, baton ki t'ap peze zepòl yo a! Wi, Seyè! Ou kraze bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou te kraze moun Madyan yo! 5Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife. 6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! 7Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre! 8Seyè a fè konnen desizyon l' sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo. 9Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l' te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di: 10Kay brik yo kraze, n'a bati lòt ak wòch taye. Yo koupe poto sikomò yo jete, n'a fè lòt ak bwa sèd mete nan plas yo. 11Seyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l'. L'ap fè chèf lame wa Rezen lan atake l'. 12Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo. 13Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a. 14Yon sèl jou a, Seyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l'. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti. 15Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò! 16Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa. 17Se poutèt sa, Seyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo. 18Mechanste kaye nan mitan pèp la, tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan syèl la. 19Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn. 20Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo! 21Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!

Did you know?
A Great Light and Judgment on the North
- The northern tribal territories of Zebulun and Naphtali were located in Galilee, a name derived from a word meaning circuit. Because original inhabitants long remained in the area alongside Israelites, it came to be known as Galilee of the nations or Gentiles.Sources: Galilee · the Bible text itself
- The reference to the day of Midian recalls the historic shattering of oppression by the Midianites, a nomadic people from the desert regions north of the Arabian peninsula.Sources: Midian · the Bible text itself
- The prophetic warning addresses the northern kingdom through its capital Samaria—built by King Omri atop a solitary mountain in the hills of Israel—and its leading tribe Ephraim, describing bitter civil strife between brother tribes such as Manasseh and Ephraim.Sources: Samaria · Ephraim · Manasseh (son of Joseph) · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 1
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 1
- Midian · 28.495, 35.012 · verse 4
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 9
- Philistia · 31.664, 34.546 · verse 12
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org