Isaiah 8
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Pran yon gwo wòch plat ak yon sizo mason. Ekri pawòl sa yo sou li an gwo lèt: Prese piye, prese devalize. 2Lèfini, mwen pran de moun serye, Ouri, yon prèt, ak Zakari, pitit Jeberekiya a, pou yo sèvi m' temwen. 3Apre sa, m' al kouche ak madanm mwen. Li vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a di m' konsa: -W'a rele l': Prese piye, prese devalize. 4Paske, anvan pitit la ka pale pou l' di papa manman, moun peyi Lasiri yo va gen tan pran tout richès moun lavil Damas yo ak tou sa moun Samari yo pran nan piyay, y'a pote yo ale bay wa pa yo a. 5Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 6-Paske pèp la meprize dlo larivyè Siloe a k'ap koule tou dousman, paske yo tranble devan wa Rezen ak wa Pekak, pitit Remalya a, 7mwen menm, Seyè a, m'ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L'ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l'ap desann. L'ap gonfle, l'ap debòde sou tout rivaj li yo. 8L'ap anvayi tout peyi Jida a, l'ap rive ra kou, l'ap kouvri tout peyi a. Bondye avèk nou! L'ap pwoteje peyi a anba zèl li! 9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou! 10Nou mèt fè plan nou. Men, sa p'ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske nou menm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou! 11Wi, Seyè a lonje men l', li pran m'. Li tou pale m' pou m' pa swiv chemen pèp la t'ap swiv la. Li di m' konsa: 12Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote. 13Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif. 14Paske se mwen menm ki yon Bondye apa. M'ap tounen yon wòch k'ap fè nou bite, yon wòch k'ap fè moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo tonbe! M'ap tounen yon move pa, yon pèlen pou moun lavil Jerizalèm yo. 15Anpil moun pral bite, y'ap tonbe, y'ap kase ren yo. Y'ap tonbe nan pèlen an, y'ap pran ladan l'. 16Se pou patizan m' yo kenbe pawòl Bondye di m' lan. Se pou yo kenbe lòd Bondye yo nan kè yo! 17Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li. 18Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive. 19Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo? 20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa. 21Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y'ap dekouraje, y'ap grangou. Grangou pral fè yo move, y'a rive rele madichon pou wa yo a ansanm ak Bondye yo a. Y'a leve je yo gade nan syèl, 22y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.

Did you know?
The Impending Flood and the Trustworthy Sign
- The name Maher-shalal-hash-baz means "plunder speedeth; spoil hasteth." Isaiah was instructed to record this name publicly before reliable witnesses—Uriah the priest and Zechariah—and then give it to his newborn son, signifying that Damascus and Samaria would soon be plundered by the king of Assyria.Sources: the Bible text itself · Maher-shalal-hash-baz · Urijah
- The passage contrasts the gently flowing waters of Shiloah in Jerusalem with the raging floodwaters of the Euphrates River. Because the people rejected calm trust, the imagery depicts the invading king of Assyria sweeping across the land like a catastrophic deluge reaching up to the neck.Sources: the Bible text itself · Shiloah · River · Assyria
- Isaiah presents himself and his children as living signs and symbols given by the Lord to Israel. In a time of national crisis, he warns the people not to consult mediums and spiritists who whisper and mutter, insisting that they must seek God and His testimony instead.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Assyria · 36.359, 43.153 · verses 4, 7
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 4
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 4
- Shiloah · Today: Pool of Siloam · 31.771, 35.235 · verse 6
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 14
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org