Hosea 14
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe. 2Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito. 3Moun Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa. 4Seyè a di ankò: -M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m'. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò. 5M'ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban. 6Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban. 7Yo gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m' pwoteje yo. Jaden ble yo pral donnen ankò. Yo pral fleri tankou pye rezen. Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban. 8Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon. 9Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Did you know?
A Call to Repentance and Promise of Restoration
- The final chapter of Hosea uses rich agricultural imagery to depict national renewal, repeatedly citing Lebanon. Lebanon is the celebrated mountain range north of Israel, famed in antiquity for its majestic cedar forests, fragrant flora, and prized wine.Sources: the Bible text itself · Lebanon
- The name Ephraim is traditionally associated with fruitfulness. The chapter plays on this meaning when God tells the northern kingdom that genuine fruit and flourishing come from him rather than from crafted idols or foreign treaties.Sources: the Bible text itself · Ephraim
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org