Hebrews 8
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la. 2L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li. 3Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l' ofri tou. 4Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l' la. 5Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan. 6Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li. 7Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li. 8Men, Bondye te gen repwòch pou l' fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m' fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a. 9Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou. 10Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen. 11Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an. 12M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. 13Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

Did you know?
The True Tabernacle and a New Covenant
- Hebrews 8 calls the place where the priests serve a copy and shadow of what is in heaven. That is why Moses, when he was about to build the tabernacle, was warned to make everything according to the pattern shown him on the mountain.Sources: the Bible text itself
- The new covenant promised to the house of Israel and the house of Judah is set against the covenant made with their fathers when they were led out of Egypt, the land of the Nile.Sources: the Bible text itself · Egypt
- By speaking of a new covenant, the chapter says the first has been made obsolete, and that what is obsolete and aging will soon disappear.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org