Nations Bible

Hebrews 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l', li ba l' benediksyon. 2Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a. 3Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l', ni manman l', ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l' te fèt, ni ki bò l' mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan. 4Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l' te pran nan batay la. 5Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye. 6Mèlkisedèk menm pa t' moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon. 7Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre. 8Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la. 9Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l' tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan koulye a. 10Paske, nan yon sans, Levi ki pa t' ankò fèt te nan ren granpapa l', Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l' la. 11Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini. 12Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou. 13Men, nan tout pawòl sa yo, se sou Seyè a y'ap pale. Men li menm, li soti nan yon lòt branch fanmi, ki pa janm gen pesonn ladan l' ki te konn fè sèvis prèt yo devan lòtèl la. 14Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pa t' janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo. 15Bon, men yon lòt pwen k'ap eklèsi keksyon an plis toujou. Nou wè se yon lòt prèt ki tankou Mèlkisedèk ki vin la a. 16Yo pa t' fè l' prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p'ap janm fini an kifè yo fè l' prèt. 17Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk. 18Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t' kapab sèvi anyen ankò. 19Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye. 20Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l' pa t' fè sèman. 21Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l' prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan. 22Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a. 23Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pa t' ka kenbe travay la nèt ale. 24Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l' nan plas li. 25Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo. 26Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la. 27Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a. 28Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Melchizedek and a priesthood without end

  • The story of Melchizedek is limited to his meeting with Abraham in Genesis; the Old Testament mentions him again only in Psalm 110. Hebrews explains his name as “king of righteousness,” and “king of Salem” as “king of peace.” Salem, a name meaning peace, is commonly supposed to be another name for Jerusalem.Sources: Melchisedec · Salem · the Bible text itself
  • Hebrews argues that Melchizedek was greater than Abraham: Abraham gave him a tenth of the plunder, and Melchizedek blessed the man who held the promises. Levi, Jacob’s third son and ancestor of the priests who later collected the tenth, was not yet born; the letter says that, so to speak, he paid that tenth while still in Abraham.Sources: the Bible text itself · Levi (patriarch) · Melchisedec
  • The priests whom the law commanded to collect the tenth belonged to the line of Aaron, the eldest son of Amram and of Jochebed, a daughter of Levi. Hebrews contrasts that hereditary order with Jesus, whom the letter says descended from Judah, a tribe about which Moses said nothing concerning priests.Sources: Aaron · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Salem · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.