Nations Bible

Hebrews 3

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an. 2Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a. 3Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz. 4Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay. 5Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita. 6Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan. 7Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, 8pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo. 9Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan. 10Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo. 11Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. 12Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an. 13Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye. 14Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba. 15Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a. 16Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la. 17Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a. 18Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo. 19Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Greater Glory Than Moses

  • Hebrews asks its readers to fix their attention on Jesus, the apostle and high priest they confess. He was faithful to the one who appointed him, just as Moses was faithful in all God's house, but Jesus is counted worthy of greater glory than Moses, as the builder of a house has greater honor than the house. Moses was faithful as a servant; Christ is faithful as the Son over God's house.Sources: the Bible text itself
  • The warning looks back to the people Moses led out of Egypt. For forty years in the wilderness they tested God, who was angry with that generation and swore they would never enter his rest; their bodies fell in the wilderness. The chapter says that unbelief kept them from entering.Sources: the Bible text itself
  • Egypt, the land they left with Moses, is the land of the Nile and the pyramids. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Moses as Drawn, or links it with the Egyptian word mesu, meaning son.Sources: the Bible text itself · Egypt · Moses

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 16

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.