Nations Bible

Ecclesiastes 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la. 2Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa. 3Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou. 4Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a. 5Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou. 6Lè moun sòt ap ri, se tankou move chabon k'ap pete nan dife. Sa pa vo anyen. 7Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'. 8Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou. 9Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache. 10Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa. 11Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè. 12Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv. 13Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi? 14Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'. 15Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste. 16Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè? 17Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou? 18Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè. 19Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l' pou yon lavil. 20Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal. 21Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal. 22Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal. 23Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'. 24Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li? 25Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare. 26Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo. 27Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m' konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn. 28M'ap chache yon lòt esplikasyon. Men mwen pa jwenn li. Sou mil gason mwen kontre, se yon sèl mwen jwenn ki gen konprann. Men pou fanm, mwen pa jwenn yonn menm. 29Men sa ase mwen jwenn: Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Wisdom, Mortality, and the Limits of Understanding

  • Ecclesiastes 7 begins with a series of comparative proverbs arguing that moments of solemn reflection, such as visiting a house of mourning or facing sorrow, provide greater insight into life than superficial laughter and feast houses.Sources: the Bible text itself
  • The Teacher reflects on the reality of human experience, noting that God has appointed both prosperous and adverse days so that humans cannot foresee their future, and that righteous people sometimes perish while the wicked live long.Sources: the Bible text itself
  • The chapter highlights the universal limitation of human goodness, observing that there is no one on earth who does good and never sins, and concluding that while God created humanity upright, people pursue many complex schemes.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.