Ecclesiastes 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Gen yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k'ap fèt sou latè. 2Li fikse lè pou ou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou plante, lè pou ou rekòlte, 3lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati. 4Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt, 5lè pou ou kouche ak madanm ou, lè pou ou pa kouche ak li, lè pou nou fè karès, lè pou nou pa fè karès. 6Li fikse lè pou ou chache, lè pou ou pèdi, lè pou ou fè ekonomi, lè pou ou gaspiye lajan, 7lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale. 8Li fikse lè pou ou renmen, lè pou ou rayi, lè pou nou fè lagè, lè pou nou fè lapè. 9Kisa yon nonm jwenn nan travay li? 10Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. 11Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a. 12Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen. 13Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. 14Mwen konnen tou sa Bondye fè la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li. 15Sa ki rive koulye a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè bagay ki te rive deja rive ankò! 16Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo. 17Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon yo ni mechan yo, paske chak bagay gen lè pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè. 18Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo. 19Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. 20Tou de pral menm kote Tou de soti nan pousyè tè a. Tou de ap tounen pousyè tè a ankò. 21Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre? 22Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l'. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l' tounen pou l' ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?

Did you know?
A Time for Every Season
- The chapter opens with a famous poem of fourteen pairs of contrasting opposites, spanning birth and death, planting and uprooting, mourning and dancing, and war and peace. This literary structure illustrates the complete spectrum of human experience appointed under heaven.Sources: the Bible text itself
- The author observes that God has placed eternity in the human heart, yet mortals remain unable to fully comprehend what God does from beginning to end.Sources: the Bible text itself
- Reflecting on mortality, the text notes that both humans and beasts return to the dust. In light of this shared physical fate, the Teacher concludes that enjoying one's daily labor, food, and drink is a gift from God.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org