Nations Bible

Ecclesiastes 12

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn ankenn plezi nan lavi. 2Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gen tan mare ankò. 3Lè sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm koulye a ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè. 4De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l' tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gen tan leve. 5W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari. 6Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase. 7Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan. 8Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen. 9Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo. 10Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la. 11Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye. 12Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal. 13Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun. 14Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.

Did you know?

Remembering the Creator and the Purpose of Life

  • The opening verses use vivid poetic metaphors of a decaying house and broken vessels—such as dimming windows, trembling guardians, and a shattered pitcher at the well—to depict the physical decline of old age and the approach of death.Sources: the Bible text itself
  • The Teacher is described as an educator who evaluated, searched out, and arranged proverbs, comparing wise sayings to sharp goads and firmly driven nails provided by a single Shepherd.Sources: the Bible text itself
  • The book concludes that despite the endless writing of books and the physical weariness of study, the essential duty of humanity is to fear God and keep His commandments in light of future judgment.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.