Nations Bible

Ecclesiastes 11

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou. 2Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè. 3Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete. 4Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt. 5Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay. 6Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman. 7Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy. 8Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen. 9menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè. 10Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.

Did you know?

Action in the Face of Uncertainty

  • The author uses agricultural imagery to address uncertainty, warning that someone who constantly waits for ideal wind or weather will never sow or reap. Instead, the passage urges persistent diligence from morning until evening, since humans cannot know which effort will succeed.Sources: the Bible text itself
  • The chapter balances the enjoyment of life with awareness of its limits. Readers are encouraged to rejoice in their youth and appreciate the light of day, while remaining mindful that youth is fleeting, days of darkness come, and God will evaluate every action.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.