Deuteronomy 34
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Moyiz kite plenn Moab yo, li moute sou mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Seyè a fè l' wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan, 2tout pòsyon ki pou Neftali a, tout peyi Efrayim lan ak peyi Manase a, tout peyi Jida a rive sou lanmè Mediterane a, 3tout zòn Negèv la, fon larivyè Jouden an, depi plenn Jeriko, lavil pye koko ginen yo, desann jouk lavil Zoa. 4Seyè a di li konsa: -Men peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb mwen t'ap bay pitit pitit yo k'ap vin apre yo a. Mwen fè ou wè l' ak je ou, men ou p'ap antre ladan l'. 5Se la Moyiz, sèvitè Seyè a, te mouri nan peyi Moab la, jan Seyè a te di li t'ap mouri a. 6Seyè a antere l' nan peyi Moab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pesonn pa konnen ki kote li antere. 7Lè Moyiz mouri, li te gen sanventan. Li te wè byen nan je l' toujou, li te byen enganm toujou. 8Moun pèp Izrayèl yo pase trant jou nan plenn Moab yo ap kriye lanmò li. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye pou lanmò Moyiz la. 9Jozye, pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 10Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Seyè a te konn pale avè l' fas pou fas. 11Pa gen lòt pwofèt ki janm fè tout mirak ak tout mèvèy sa yo Seyè a te voye l' al fè nan peyi Lejip, kont farawon an, kont moun k'ap sèvi gouvenman l' yo ak tout moun ki te nan peyi a. 12Pa gen lòt pwofèt ki janm gen menm pouvwa sa a pou fè tout kalite gwo bagay sa yo Moyiz te fè devan tout pèp Izrayèl la.

Did you know?
The Death of Moses
- Moses ascends Mount Nebo, a summit of the Pisgah ridge located east of the Dead Sea and the Jordan River. From this vantage point facing Jericho, he is shown a panoramic view of the entire territory promised to the descendants of Abraham, Isaac, and Jacob.Sources: Mount Nebo · Pisgah · Jericho · the Bible text itself
- Moses dies at 120 years of age with his eyesight and vitality undiminished, and is buried in a valley in Moab opposite Beth-peor at a site intentionally left unknown. In keeping with ancient mourning customs, the Israelites observe thirty days of lamentation for him in the plains of Moab.Sources: the Bible text itself · Lifetime of Moses
- Leadership passes smoothly to Joshua, whom Moses had commissioned by laying hands on him, imparting the spirit of wisdom. The book closes with an epilogue celebrating Moses' unique standing as a prophet who knew the Lord face to face and performed unprecedented wonders in Egypt.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 1
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verses 1, 3
- Moab · Today: Moab 2 · 31.840, 35.674 · verses 1, 8
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 2
- City of Palms · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 3
- Negeb · 31.245, 34.841 · verse 3
- Valley of Jericho · 31.872, 35.445 · verse 3
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 5, 6
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 11
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org