Nations Bible

Deuteronomy 21

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa, 2chèf fanmi yo ak jij yo va soti, y'a mezire distans ki genyen ant kote yo jwenn kadav la ak lavil ki toupre yo. 3Y'a wè lavil ki pi pre a. Le sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va pran yon jenn ti gazèl bèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay. 4Y'a mennen l' bò yon larivyè ki pa janm chèch, nan yon pozisyon kote tè a pa janm travay ni sekle. Epi se la y'a kase kou l'. 5Apre sa, prèt yo, pitit Levi yo, va vini, paske se yo menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou fè sèvis pou li ak pou beni pèp la nan non li. Se yo menm ki pou bay dènye mo a lè gen diskisyon, lè gen san deyò. 6Apre sa, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va lave men yo ak dlo anwo gazèl yo te touye a. 7Y'a di: Se pa nou ki touye moun sa a, ni nou pa wè ki moun ki fè krim sa a. 8Seyè! Ou menm ki te delivre moun Izrayèl yo anba moun peyi Lejip yo, padonnen pèp ou a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon inonsan yo touye. Bondye va padonnen krim ki fèt la. 9Se konsa, n'a fè sa Seyè a te ban nou lòd fè a, yo p'ap rann nou reskonsab lanmò inonsan yo touye a. 10Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo epi Seyè a, Bondye nou an, fè nou genyen yo, li fè nou fè anpil prizonye, 11si yonn nan nou wè pami prizonye yo yon bèl fanm, epi li tonbe damou pou li, l'a gen dwa pran l' pou madanm li. 12L'a mennen l' lakay li. Fanm lan va koupe tout cheve nan tèt li, l'a koupe tout zong dwèt ak tout zong pye l' yo, 13l'a wete rad ki te sou li lè yo te fè l' prizonye a. L'a rete anndan kay nonm lan pandan yon mwa ap kriye pou papa l' ak manman l'. Apre sa, nonm lan va pwoche bò kote l', l'a marye avè l', l'a pran l' pou madanm li. 14Si apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l' ankò, l'a kite l' al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l' tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l' vin madanm li. 15Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye. 16Lè lè a va rive pou l' separe byen l' yo bay pitit li yo, li p'ap ka fè patipri pou l' pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l' ba li pòsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pòsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan. 17Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen. 18Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l' ni papa l' lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy soti nan lòt la, 19manman l' ak papa l' va kenbe l', y'a trennen l' devan chèf fanmi yo, nan tribinal ki bò pòtay lavil kote yo rete a. 20Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis. 21Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo. 22Si yo kondannen yon moun pou yon krim li fè, epi lè yo fin touye l', yo pann kadav la nan yon pyebwa, 23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Justice, Family Rights, and Communal Purity

  • When a murdered body was found in an open field with no known killer, the elders of the closest town were required to perform an atonement ritual. In an unplowed valley with running water, they washed their hands over a heifer while Levitical priests attended, clearing the community of bloodguilt.Sources: the Bible text itself
  • Under the laws of inheritance, a father could not transfer the firstborn's rights to a younger son out of favoritism for a beloved wife. The eldest son, even if born to an unloved wife, was legally guaranteed a double portion of the father's estate.Sources: the Bible text itself
  • If an executed criminal's body was hung on a tree as a public warning, it had to be taken down and buried before nightfall. The law stated that anyone hung on a tree was under God's curse, and leaving the corpse overnight would defile the land.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.