Deuteronomy 20
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou. 2Lè lè batay la rive, prèt la va vanse, l'a pale ak sòlda yo. 3L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo. 4Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la. 5Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: -Eske gen yon moun la a ki fèk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye. 6Eske gen yon moun la a ki fèk plante yon jaden rezen epi ki poko gen chans fè yon rekòt rezen menm? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan batay la, epi se va yon lòt moun ki va jwi jaden rezen l' lan. 7Eske gen yon moun isit la ki fiyanse pou l' marye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fiyanse l' la. 8Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: -Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouraj pou l' al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouraj lòt yo tou. 9Lè chèf yo va fin pale konsa ak sòlda yo, y'a chwazi yon kaptenn pou chak divizyon pou mache alatèt lame a. 10Lè n'ap pwoche bò yon lavil pou n' atake l', premye bagay n'a fè, n'a mande l' pou l' fè lapè ak nou. 11Si yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou. 12Men, si yo refize fè lapè ak nou epi yo mande goumen, n'a sènen lavil la toupatou epi n'a atake l'. 13Seyè a, Bondye nou an, va lage l' nan men nou. Epi n'a touye dènye gason ki nan lavil la. 14Men, n'a pran tout fanm yo, tout pitit yo, tout bèt yo ak tou sa ki nan lavil la, ak tout byen lènmi yo va kite pou nou. N'a manje tou sa n'a pran nan men lènmi nou yo paske se Seyè a menm ki ban nou yo. 15Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Seyè a ban nou pou nou rete a. 16Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'. 17Se pou nou touye tout moun sa yo: moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferèz yo, moun Ivi yo, moun Jebis vo. Se pou nou ofri yo bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te ban nou lòd la. 18Se pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Seyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo. 19Si lè n'ap atake yon lavil nou wè nou blije sènen l' pandan lontan anvan pou nou ka pran l', piga nou koupe ankenn pyebwa ki bay fwi, paske nou ka bezwen fwi yo pou nou manje. Pa koupe pyebwa yo. Se pyebwa ase yo ye, se pa moun yo ye. Ou pa ka aji avèk yo tankou moun ki nan lavil ou sènen an. 20Men, nou gen dwa debranche pyebwa ki pa bay fwi, nou ka koupe yo, nou ka sèvi ak yo pou fè zouti pou atake lavil la jouk lavil la va tonbe nan men nou.

Did you know?
Laws Concerning Warfare
- Before entering combat, Israelite officers announced specific exemptions from military duty, releasing men who had built a house not yet dedicated, planted a vineyard not yet harvested, become engaged to be married, or felt afraid.Sources: the Bible text itself
- The law established different warfare policies for distant cities compared to cities within the Promised Land; distant cities were first offered terms of peace, whereas the inhabitants of nearby nations were marked for complete destruction to avoid idolatry.Sources: the Bible text itself
- During long sieges, Israelite forces were forbidden from cutting down fruit-bearing trees to construct siege works, limiting their timber harvesting only to trees known not to produce food.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org