Nations Bible

Deuteronomy 15

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo. 2Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò. 3N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li. 4Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. 5Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 6Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou. 7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. 8Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen. 9Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò. 10Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. 11Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an. 12Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li. 13Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen. 14Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon. 15Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a. 16Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l', 17lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l' pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou. 18Piga nou janm wè sa twò rèd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè. 19Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a. 20Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a. 21Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an. 22N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l', menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23Tansèlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.

Did you know?

Debts, Servants, and Firstborn Offerings

  • Every seven years, the Israelites were required to cancel debts owed to them by fellow countrymen. Creditors were explicitly commanded not to withhold loans simply because the seventh year of release was drawing near.Sources: the Bible text itself
  • Hebrew servants who had served six years were to be released in the seventh year and supplied generously with livestock, grain, and wine. If a servant chose to remain for life out of love for the household, the master marked this commitment by piercing the servant's ear against a door with an awl.Sources: the Bible text itself
  • Firstborn male livestock were consecrated to God and could not be put to work or shorn. Unblemished animals were eaten annually at the central place of worship, whereas defective animals could be consumed at home by anyone, clean or unclean.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 15

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.