Nations Bible

Deuteronomy 14

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou. 2Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li. 3Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje. 4Men bèt nou gen dwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit, 5se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon. 6Nou gen dwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou. 7Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen ak daman ki pa gen zago yo fann an de. Bèt konsa pa bon pou nou manje. 8Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo. 9Nou gen dwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo. 10Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. 11Se pa tout zwazo moun k'ap sèvi Bondye gen dwa manje. 12Men zwazo nou pa gen dwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè, 13milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav, 14tout kalite kaou, 15otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan, 16koukou, frize, gwo kanna mawon blan, 17grangozye, plonjon, chwèt, 18sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchotcho. 19Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo. 20Men, nou gen dwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye. 21Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'. 22Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa. 23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a. 24Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an, 25lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. 26Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Seyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou. 27Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo. 28Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo. 29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Dietary Regulations and Tithe Provisions

  • The dietary laws in Deuteronomy 14 distinguish clean from unclean land animals based on two physical criteria: having completely divided hooves and chewing the cud. Aquatic creatures were considered clean for consumption only if they possessed both fins and scales.Sources: the Bible text itself
  • To accommodate families who lived far from the designated sanctuary, the law allowed agricultural tithes to be converted into silver for travel. Upon arriving at the central sanctuary, worshippers could use the money to purchase festive food and drink to celebrate with their households.Sources: the Bible text itself
  • Every third year, the annual tithe was gathered and stored within local towns rather than taken to the central sanctuary. This food was set aside to support community members without land inheritances, specifically Levites, resident foreigners, orphans, and widows.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.