Nations Bible

Amos 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou: 2Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pesonn pou ba l' men. 3Seyè a di konsa: Lè yon lavil nan peyi Izrayèl la voye mil (01000) sòlda nan lagè, se san (0100) ase ki tounen. Lè yon lòt lavil voye san (0100) se dis ase ki tounen. 4Seyè a pale ak pèp Izrayèl la, li di l' konsa: Tounen vin jwenn mwen, n'a gen lavi. 5Pa al chache m' lavil Betèl. Pa ale lavil Gilgal. Pa moute ale bò Bècheba al fè sèvis. Betèl pa la pou lontan. Yo gen pou yo depòte moun Gilgal yo voye yo nan peyi etranje. 6Chache vin jwenn Seyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pesonn p'ap ka tenyen l'. 7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou! 8Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'. 9Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt. 10Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal. 11Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo. 12Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal. 13Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a. 14Chache fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l' la. 15Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo. 16Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la. 17Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa. 18Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè. 19Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l' sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mòde l'. 20Jou Seyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè. 21Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen. 22Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m' ofrann gato, sa p'ap fè m' plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m' pou di m' mèsi. 23Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò. 24Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat. 25Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m' gato? 26Se konsa, koulye a nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a. 27M'ap depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Seyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Call to Justice and Lamentation

  • Amos urged the northern kingdom of Israel not to seek ancient pilgrimage sites such as Bethel, Gilgal, or Beersheba, warning that these sanctuaries would not save them from destruction. Bethel and Gilgal were prominent historical worship centers, while Beersheba lay far to the south, but the prophet insisted that ritual devotion at these locations was worthless without moral obedience.Sources: the Bible text itself · Bethel (of Palestine) · Gilgal · Beersheba
  • In ancient Israelite cities, the gate served as the primary civic and judicial center where legal disputes were heard and elders administered justice. Amos condemned the ruling elite for accepting bribes, silencing honest witnesses, and trampling the rights of the poor in these legal assemblies.Sources: the Bible text itself
  • The warning that Israel would be exiled beyond Damascus pointed to a coming defeat and deportation far northeast of the ancient Syrian capital. Damascus was a major political and commercial power located north of Jerusalem, marking a key geographical boundary for northern campaigns.Sources: the Bible text itself · Damascus

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Damascus · 33.511, 36.306 · verse 27

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.