2 Samuel 24
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon jou, Seyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Seyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida. 2Wa a pale ak Joab, kòmandman an chèf lame a, ki te la avè l', li di l' konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bètcheba nan sid. Konte mezi moun ki nan pèp la. Mwen vle konnen konbe moun ki gen nan peyi a. 3Men, Joab di wa a: -Monwa, mwen mande Seyè a, Bondye ou la, pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a, lèfini pou monwa ka viv lontan pou wè sa! Men, poukisa, monwa, ou vle konte konbe moun ki nan peyi a? 4Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab ak lòt gwo chèf lame yo te blije soumèt yo. Yo soti devan wa a, yo pati, y' al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl la. 5Yo travèse larivyè Jouden, y' al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò. 6Y' al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y' ale lavil Sidon sou bò lwès. 7Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a. 8Se konsa yo mache nan tout peyi a. Apre nèf mwa ven jou, yo tounen lavil Jerizalèm. 9Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun antou ki te gen nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn witsanmil (0800.000) gason ki ka fè lagè epi ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak senksanmil (0500.000) nan peyi Jida a. 10Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou. 11Nan denmen maten, antan David ap leve sot nan kabann li, 12Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa: -Al di David mwen ba li twa chatiman pou li menm li chwazi yonn ladan yo. Sa l'a chwazi a se sa m'a fè l'. 13Gad vin jwenn li lakay li. Li fè l' konnen mesaj Seyè a te ba li a. Li di l' konsa: -Kisa ou vle? Sèt lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi ou, osinon twa jou epidemi nan tout peyi a. Al kalkile sou sa pou ou fè m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan. 14David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè. 15Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la mouri. 16Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la. 17David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini! 18Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l' konsa: -Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan gwo glasi a. 19David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Araounak jan Seyè a te ba li lòd la. 20Araounak t'ap gade, li wè wa a ki t'ap vin sou li ansanm ak chèf li yo. Li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. 21Li di l' konsa: -Monwa, sa ki mennen ou isit lakay mwen? David reponn li: -Mwen vin achte anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a, konsa epidemi an va sispann nan peyi a. 22Araounak di l' konsa: -Monwa, ou mèt pran l'. Ofri Seyè a sa ou vle. Men bèf sa yo pou ou boule nèt tankou yon ofrann sou lotèl la. Men jouk yo ak bwa kabwa yo pou fè dife. 23Araounak bay wa a tout bagay sa yo. Lèfini, li di: -Mwen mande Bondye pou l' asepte ofrann ou an! 24Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan. 25Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.

Did you know?
The Census, the Plague, and the Altar
- The phrase "from Dan to Beersheba" was a traditional way of designating the entirety of the Promised Land, spanning about 144 miles from Dan in the far north to Beersheba in the south. Joab and the military commanders spent nine months and twenty days traversing both sides of the Jordan River to complete the census.Sources: Beersheba · the Bible text itself
- Gad, known as "the king's seer," served as a prophet during David's reign after joining him earlier during his fugitive years. Gad delivered God's three choices of discipline to David and subsequently instructed the king to erect an altar on Araunah's threshing floor.Sources: Gad · the Bible text itself
- David purchased the threshing floor, oxen, and wood from Araunah (also called Ornan) the Jebusite, insisting on paying the full price because he refused to offer sacrifices that cost him nothing. Situated on Mount Moriah, this threshing floor became the site where Solomon later built the temple.Sources: Ornan · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Dan · Today: Tel Dan · 33.249, 35.652 · verses 2, 6, 15
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 5
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 6
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 6
- Negeb · 31.245, 34.841 · verse 7
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 8, 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org