Nations Bible

2 Samuel 23

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di: 2Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen. 3Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye, 4ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l'. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli. 5Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle. 6Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men. 7Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife. 8Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (0800) moun. Li touye tout yon sèl kou. 9Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y' al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la. 10Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l'. Li pa t' ka louvri men l' pou l' lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite. 11Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t'ap kouri pou moun Filisti yo. 12Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. 13Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo. 14Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm. 15Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan? 16Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a. 17Li di konsa: Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l'. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè. 18Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (0300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan. 19Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa Twa pi vanyan yo te fè. 20Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon. 21Se li menm ki te touye yon moun peyi Lejip, yon potorik gason bèl wotè, ki te gen yon frenn nan men l'. Li menm, li atake l' ak yon baton ase. Li wete frenn lan nan men moun Lejip la epi li touye l' avè l'. 22Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant lan. 23Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' chèf gad kò li. 24Nan gwoup Trant lan te gen ankò: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm, 25Chama ak Elika, moun lavil Awòd, 26Elèz, moun lavil Pelèt, Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, 27Abyezè, moun lavil Anatòt, Mebounayi, moun lavil Oucha, 28Salmon, moun lavil Awoya, Marayi, moun lavil Netofa, 29Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo, 30Benaja, moun lavil Piraton, Idayi, moun ravin Gach yo, 31Abyalbon, moun lavil Araba, Azmavèt, moun lavil Baawoun, 32Elyaba, moun lavil Chalbon, pitit gason Joachenn yo, Jonatan, 33Chama, moun lavil Ara, Akiyam, pitit gason Chara, moun lavil Ara, 34Elifelèt, pitit gason Asbayi, moun lavil Maka, Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo, 35Ezarayi, moun lavil Kamèl, Parayi, moun lavil Arab, 36Igal, pitit gason Natan, moun lavil Zoba, Bani, moun lavil Gad, 37Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt, se li menm ki te pote zam Joab, pitit Sewouya a, 38Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a, 39Ouri, moun lavil Et la. Antou, te gen trannsèt vanyan sòlda.

Did you know?

David's Last Words and Mighty Men

  • David's poetic oracle describes the ideal ruler as one who governs in justice and the fear of God, comparing such leadership to the clear light of a cloudless sunrise and the freshness of rain sprouting green grass.Sources: the Bible text itself
  • While David took refuge in the cave of Adullam and Philistine forces occupied the Valley of Rephaim and Bethlehem, three elite warriors broke through enemy lines to fetch water from the well at Bethlehem's gate. Deeply moved by their sacrifice, David refused to drink it and poured it out as an offering to the Lord, saying it was the blood of men who had risked their lives.Sources: the Bible text itself · Adullam · Bethlehem · Valley of Rephaim
  • Among the elite warriors listed was Benaiah son of Jehoiada from Kabzeel, noted for striking down two Moabite champions, killing a lion inside a pit on a snowy day, and disarming a giant Egyptian before slaying him with his own spear.Sources: the Bible text itself · Benaiah · Kabzeel

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 13
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 14, 15, 16, 24
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 20
  • Tekoa · Today: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · verse 26
  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 31
  • Maacah · 33.258, 35.581 · verse 34
  • Zobah · 33.935, 36.151 · verse 36
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verse 37
  • Jattir · Today: Khirbet Attir · 31.352, 35.016 · verse 38

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.