Nations Bible

2 Kings 22

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka. 2Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal. 3Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l' nan Tanp Seyè a, li di l' konsa: 4—Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la. 5W'a di l' pou l' renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di: 6bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan. 7Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye. 8Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: —Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'. 9Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: —Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a. 10Lèfini, li di wa a: —Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a. 11Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi. 12Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: 13—Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'. 14Se konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive. 15Oulda reponn: —Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan: 16Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a. 17Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m' fè kolè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kolè m' poko ap pase. 18Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la. 19Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa. 20Ou menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Book of the Law Rediscovered

  • During temple repairs in the eighteenth year of King Josiah's reign, the high priest Hilkiah discovered the Book of the Law in the house of the LORD. When the royal scribe Shaphan read the words of the scroll aloud to the king, Josiah tore his clothes in grief over Judah's past failure to observe its commands.Sources: the Bible text itself · Hilkiah · Shaphan · Josiah
  • To inquire of the LORD concerning the newly found scroll, Josiah sent a royal delegation to Huldah the prophetess, who lived in the Second District of Jerusalem. Huldah delivered a prophecy foretelling disaster upon Judah for its idolatry, but promised Josiah peace during his lifetime because of his humble repentance.Sources: the Bible text itself · Second Quarter · Ahikam

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 14
  • Second Quarter · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.