Nations Bible

2 Kings 21

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Manman l' te rele Efziba. 2Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo. 3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo. 4Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm. 5Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la. 6Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò. 7Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen. 8Si moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te bay zansèt yo a. 9Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. 10Lè sa a, Seyè a voye sèvitè l' yo, pwofèt yo, pou di yo: 11—Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal. 12Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Mwen pral voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida a. Lè moun va pran nouvèl la, y'ap rete gaga. 13M'ap peni lavil Jerizalèm menm jan mwen te peni lavil Samari ak fanmi wa Akaz la. Mwen pral netwaye lavil Jerizalèm tankou yo netwaye yon asyèt lèfini yo vire l' bouch anba. 14M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo. 15M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m', yo fè m' fache anpil depi jou zansèt yo te soti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a. 16Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san. 17Tout rès istwa Manase a, tou sa li te fè ak tout move zak li te fè yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 18Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 19Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l' te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba. 20Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. 21Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo. 22Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Seyè a vle l' la. 23Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a. 24Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li. 25Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 26Lè Amon mouri, yo antere l' nan kavo fanmi an, nan jaden Ouza a. Lèfini, se Jozyas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.

Did you know?

The Reigns of Manasseh and Amon

  • Manasseh ruled Judah for fifty-five years, the longest reign of any king in Jerusalem. He completely reversed the religious reforms of his father Hezekiah by building altars to Baal, introducing astral worship into the temple courtyards, and setting up a carved Asherah pole.Sources: the Bible text itself · Hezekiah
  • In pronouncing judgment, the prophets compared Jerusalem to Samaria and the house of Ahab of the northern kingdom of Israel, who had similarly introduced Baal worship. The metaphor of a measuring line and plumb line indicated that Jerusalem would face the same destruction as Samaria.Sources: the Bible text itself · Ahab · Samaria
  • Both Manasseh and his son Amon were buried in the garden of Uzza, located near the royal palace grounds in Jerusalem, rather than in the traditional royal tombs. After Amon was assassinated by palace servants following a two-year reign, the people executed the conspirators and crowned his eight-year-old son Josiah.Sources: the Bible text itself · Uzza · Amon · Josiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 4, 7, 12, 13, 16, 19
  • Samaria · 32.276, 35.195 · verse 13
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 15
  • Uzza · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 18, 26

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.