2 Corinthians 9
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Mwen pa wè rezòn pou m' voye di nou anyen sou keksyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a. 2Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lè m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. 3Malgre sa, m'ap voye frè sa yo bò kote nou pou bèl pawòl mwen te di pou nou sou zafè sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wè nou pare vre, jan mwen te di l' la. 4Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedwan yo ta vin ansanm avè m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! 5Se sak fè, mwen kwè se te nesesè pou m' te mande frè sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwòmèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou. 6Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. 7Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. 8Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv. 9Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men. 10Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l' pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. 11Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo. 12Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l' mèsi. 13Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo. 14Y'a lapriyè pou nou, y'a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou. 15Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

Did you know?
Generosity between Achaia and Macedonia
- Macedonia was a Roman province lying north of Greece, and Achaia was the other of the two provinces into which the Romans divided Greece, applying that name to the whole Peloponnesus and the south. Writing to believers in Achaia, Paul says he has been boasting to the Macedonians that they were ready to give.Sources: Macedonia · Achaia · the Bible text itself
- Paul says that since the previous year the people of Achaia had been ready to give, and that their zeal had stirred most of the Macedonians to do the same. He is sending the brothers ahead so that his boast about them will not prove empty if any Macedonians come with him and find them unprepared.Sources: the Bible text itself
- The name Achaia originally referred to a narrow strip of territory in Greece, northwest of the Peloponnesus. In the New Testament the name is always used in the later, wider sense that the Romans gave it, for the southern province as a whole.Sources: Achaia
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 12
- Achaia · 38.720, 22.540 · verse 2
- Macedonia · 41.600, 22.540 · verses 2, 4
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org