Nations Bible

2 Corinthians 10

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè. 2Tanpri, pa fòse m' moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m' sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm. 3M'ap viv koulye a nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. 4Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, 5m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la. 6Mwen pare pou m' pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumèt nou nèt. 7Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tèt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete sa nan tèt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avè li. 8Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou. 9Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lè m'ap ekri nou konsa. 10Gen moun ki di: Lè Pòl ap ekri nou, li rèd konsa, li sevè. Men, lè li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale. 11Enben, moun ki di sa a, li mèt mete sa nan tèt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lèt mwen voye ban nou lè mwen pa la ak sa mwen pral fè lè m'a la nan mitan nou. 12Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò. 13Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen. 14Se sak fè, mwen pa t' depase limit mwen lè m' te rive lakay nou ak bon nouvèl ki pale sou Kris la. 15Konsa, nou wè, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fè grandizè pou travay lòt moun te deja fè. Okontrè, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m' ka fè yon pi gwo travay ankò nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an. 16Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvèl la nan peyi ki pi lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fè grandizè pou travay lòt moun deja fè nan limit pa yo. 17Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li. 18Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyè a rekòmande ki bon pou travay la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Letters, Presence, and Warfare Not of This World

  • Some people measured Paul by appearances and by his speech. They granted that his letters were weighty and forceful, yet called his physical presence unimpressive and his speaking of no account. He replies that what he is in his letters when away, he will be in his actions when he is present.Sources: the Bible text itself
  • He casts the conflict in military terms, but not as an ordinary fight. Living in the flesh, he says, does not mean waging war according to the flesh. The weapons he claims are not the world's; they have divine power to pull down strongholds, to dismantle arguments and every presumption set against the knowledge of God, and to bring every thought into obedience to Christ.Sources: the Bible text itself
  • Paul will not boast beyond the field of influence God has assigned him, a field that already includes his readers, since he was the first to reach them with the gospel of Christ. Anyone who boasts, he says, should boast in the Lord; approval belongs not to the one who commends himself, but to the one whom the Lord commends.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Corinth · 37.906, 22.879 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.