2 Corinthians 6
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye. 2Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans. 3Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche. 4Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. 5Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje. 6Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen, 7pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sèvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tèt mwen. 8Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. 9Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen. 10Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay. 11Zanmi m' yo, moun Korent, mwen pale kare avè nou, mwen louvri tout kè m' ban nou. 12Se pa mwen ki te fèmen kè m' ban nou, se nou menm ki te fèmen kè nou ban mwen. 13Se poutèt sa, m'ap pale avè nou tankou si nou te pitit mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen pou mwen: louvri tout kè nou ban mwen. 14Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? 15Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? 16Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. 17Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. 18M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Did you know?
Open Hearts in the Day of Salvation
- The chapter urges its hearers not to receive God’s grace in vain. It quotes God as saying that he heard them in a time of favor and helped them in a day of salvation, then applies those words at once: now is the time of favor, and now is the day of salvation.Sources: the Bible text itself
- The speakers commend themselves as servants of God through great endurance in troubles, hardships, and calamities, in beatings, imprisonments, and riots, and in labor, sleepless nights, and hunger, as well as in purity, knowledge, patience, kindness, the Holy Spirit, and sincere love. They also speak of weapons of righteousness in the right hand and in the left, and of sharp contrasts: dying, yet living on; punished, yet not killed; poor, yet making many rich; having nothing, yet possessing everything.Sources: the Bible text itself
- They speak freely to the Corinthians, saying that their own hearts are open wide while the Corinthians’ affection is restrained, and, as a fair exchange, they ask them, as children, to open their hearts also. They warn them not to be unequally yoked with unbelievers, contrasting righteousness with wickedness, light with darkness, Christ with Belial, a believer with an unbeliever, and the temple of God with idols. The chapter says that we are the temple of the living God, and it includes the Lord’s call to come out from among them, be separate, and touch no unclean thing.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org