Nations Bible

2 Corinthians 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. 2Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la. 3Konsa, lè m'a antre ladan l', yo p'ap jwenn mwen toutouni. 4Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi. 5Se Bondye menm ki pare nou pou chanjman sa a. Li ban nou Sentespri l' tankou yon garanti pou tout byen li sere pou nou yo. 6Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Seyè a toujou. 7Si n'ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. 8Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kò sa a pou n' al rete toupre Seyè a. 9Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li. 10Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a. 11Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou. 12Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans. 13Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa. 14Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. 15Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a. 16Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò. 17Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a. 18Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l' ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l' ankò. 19Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò. 20Se sak fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò. 21Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Reconciliation and the Hope of a Heavenly Home

  • This chapter compares the present life to an earthly tent that may be dismantled, and sets it against a building from God: an eternal house in heaven, not built by human hands. In that tent they groan, longing to be clothed with the heavenly dwelling rather than found naked, so that mortality may be swallowed up by life.Sources: the Bible text itself
  • The writer says God has prepared them for this and given the Spirit as a pledge of what is to come. They are confident, yet while at home in the body they are away from the Lord, walking by faith and not by sight; all must appear before the judgment seat of Christ to receive what is due for what was done in the body, whether good or bad.Sources: the Bible text itself
  • Christ’s love compels them, for one died for all, so that those who live should no longer live for themselves but for him who died for them and was raised. Anyone in Christ is a new creation—the old has passed away and the new has come—and they are ambassadors for Christ, bearing a message of reconciliation: God made him who knew no sin to be sin on their behalf, so that in him they might become the righteousness of God.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.