2 Chronicles 22
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sèl Okozyas, dènye pitit gason l' lan, te rete. Se konsa pèp Jerizalèm lan fè Okozyas wa nan plas papa l'. 2Okozyas te gen venndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan yon sèl lanne. Manman l' te rele Atali, pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri. 3Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy. 4Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt. 5Li koute konsèy yo, li mete tèt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt lavil Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram. 6Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayèl, wa peyi Siri a, lavil Ramòt. Lè sa a, Okozyas moute lavil Jizreyèl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad. 7Se Bondye ki te fè Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la. 8Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kèk chèf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sèvi nan lame Okozyas la. Li touye tout. 9Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen. 10Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa peyi Jida yo. 11Men, lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l'. Li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, sè menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prèt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifè li pa t' mouri tou. 12Pandan sizan Joas te rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.

Did you know?
The Fall of Ahaziah and Athaliah's Usurpation
- Ahaziah was the son of King Jehoram and Athaliah, a daughter of Ahab and granddaughter of Omri. Guided by his mother's family, Ahaziah adopted the religious practices of the northern kingdom of Israel and allied with King Joram against Aram at Ramoth-gilead.Sources: the Bible text itself · Ahaziah · Athaliah
- When Ahaziah visited the wounded Joram in Jezreel, he was caught in the purge led by Jehu, whom God had anointed against the house of Ahab. Jehu's men executed Ahaziah but granted him a burial out of respect for his grandfather Jehoshaphat, who had sought the Lord.Sources: the Bible text itself · Jehu · Jehoshaphat
- After Ahaziah was killed, Athaliah usurped the throne and attempted to slaughter all the royal heirs of Judah. Her plan was thwarted by Jehoshabeath, Ahaziah's sister and wife of the priest Jehoiada, who hid the infant Joash in the temple for six years.Sources: the Bible text itself · Athaliah · Jehoram
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 5, 6
- Ramah · Today: Tall er Rumeith · 32.500, 36.015 · verse 6
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org