2 Chronicles 21
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li. 2Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou. 3Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l'. 4Lè Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l' yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la. 5Joram te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. 6Li fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Seyè a. 7Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a. 8Sou rèy wa Joram, moun peyi Edon yo pran lèzam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo, yo nonmen yon wa pou gouvènen yo. 9Se konsa Joram soti ak tout chèf li yo ak tout cha lagè li yo, li mache sou yo. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, Joram ak chèf cha lagè li yo leve, yo atake moun Edon yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape kò yo. 10Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. 11Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li. 12Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou. 13Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou. 14Se poutèt sa, Seyè a pral voye yon gwo malè sou pèp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen. 15Ou menm pou tèt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sèl maladi vant ki pral fè ou soufri jouk trip ou va soti. 16Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram. 17Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a. 18Apre sa, Seyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pa t' ka geri. 19Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo. 20Joram te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.

Did you know?
The Reign of Jehoram
- Jehoram secured his throne by putting all of his brothers to death after their father Jehoshaphat had given them gifts and fortified cities throughout Judah. His marriage to Athaliah, daughter of Ahab and Jezebel, further aligned Judah with the idolatrous religious practices of the northern kingdom of Israel.Sources: the Bible text itself · Jehoram
- During Jehoram's reign, the neighboring territory of Edom successfully revolted against Judah's rule and appointed its own king. At the same time, the fortified town of Libnah also rebelled against his authority, reflecting the weakening of Judah's borders.Sources: the Bible text itself · Libnah
- The prophet Elijah communicated with King Jehoram through a written letter rather than an in-person encounter, rebuking him for murdering his family and leading the kingdom astray. Following this warning, Judah suffered invasions from Philistines and Arabs, and Jehoram died of a painful illness without public mourning or burial in the royal tombs.Sources: the Bible text itself · Jehoram
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- City of David · 31.774, 35.236 · verses 1, 20
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 5, 11, 13, 20
- Edom · 30.746, 35.604 · verses 8, 9, 10
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org