Nations Bible

2 Chronicles 16

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida. 2Lè wa Asa wè sa, li pran bagay an lò ak bagay an ajan ki te nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo bò kote Bennadad, wa peyi Siri, ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a: 3-Annou pase kontra yonn ak lòt, tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou te pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la. Konsa, l'a blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. 4Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo. 5Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda li te kite nan lavil Rama yo, li sispann travay li t'ap fè pou ranfòse miray lavil la. 6Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama a. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray lavil Mispa ak miray lavil Gibeya. 7Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou. 8Eske moun Letiopi yo ak moun Libi yo ansanm pa t' fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Seyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li. 9Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete. 10Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la. 11Tou sa wa Asa te fè depi premye jou li moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo. 12Asa te gen trantnevan depi li te wa, lè yon gwo maladi nan pye rann li enfim. Malgre sa, li pa t' al chache gerizon nan men Seyè a. Li te pito al kay dòktè. 13Lè li mouri, li t'ap mache sou karanteyennan depi li te wa. 14Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.

Did you know?

Asa’s Treaty, the Prophet’s Rebuke, and the King’s Death

  • When Baasha of Israel fortified Ramah near Judah’s border, King Asa used silver and gold from the temple and royal palace to buy an alliance with Ben-hadad of Damascus. Ben-hadad attacked northern Israelite towns, including Ijon, Dan, and Abel-maim, forcing Baasha to abandon his project, after which Asa used the leftover stones and timber to build Geba and Mizpah.Sources: the Bible text itself · Ben-hadad · Ramah · Damascus
  • The seer Hanani rebuked Asa for trusting in foreign military alliances rather than relying on God as he had done against previous vast armies. Infuriated by this criticism, Asa imprisoned the prophet and began oppressing some of his own subjects.Sources: the Bible text itself · Hanani
  • In the thirty-ninth year of his forty-one-year reign, Asa developed a severe foot disease and sought help only from physicians rather than the Lord. Upon his death, he was buried in the City of David in a tomb he had prepared, laid on a bier filled with spices and perfumes alongside a large memorial fire.Sources: the Bible text itself · Asa

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Damascus · 33.511, 36.306 · verse 2
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 2, 7
  • Dan · Today: Tel Dan · 33.249, 35.652 · verse 4
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.