2 Chronicles 15
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd. 2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou. 3Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a. 4Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li. 5Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi. 6Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lòt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo. 7Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou. 8Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a. 9Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo. 10Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa. 11Jou sa a, yo pran sètsan (0700) bèf ak sètmil (07.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a. 12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo. 13Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a. 14Yo fè sèman bay Seyè a byen fò y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kònen twonpèt ak klewon. 15Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo. 16Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an. 17Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li. 18Li pran tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lò ak an ajan li menm li te bay pou Bondye. 19Pat gen lagè menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvènen.
Did you know?
Asa’s Religious Reform and Covenant Renewal
- Prompted by the message of the prophet Azariah son of Oded, King Asa purged detestable idols from Judah and restored the altar of the LORD in front of the temple portico.Sources: the Bible text itself · Azariah · Asa
- The spiritual renewal in Judah attracted people from northern tribes such as Ephraim, Manasseh, and Simeon, who settled among them in Jerusalem after seeing that the LORD was with Asa.Sources: the Bible text itself · Ephraim · Manasseh (son of Joseph)
- Asa also removed his grandmother Maachah from her royal status because she made a detestable Asherah pole, which the king crushed and burned in the Kidron Valley on the eastern side of Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Maachah · Kidron
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org