Nations Bible

1 Samuel 22

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la. 2Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan (0400) gason konsa antou. 3David kite kote l' te ye a, l' ale lavil Mispa nan peyi Moab. Epi li di wa Moab la: -Tanpri, kite papa m' ak manman m' vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fè avè m'. 4Se konsa David mennen papa l' ak manman l' lakay wa Moab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la. 5Yon pwofèt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwòt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erèt la. 6Sayil menm te lavil Gibeya, chita anba pye tonmaren ki sou mòn lan, avèk frenn li nan men l'. Tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo te kanpe la bò kote l'. Li te pran nouvèl moun te vin konnen kote David ak mesye l' yo te ye. 7Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a? 8Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'. 9Doèg, moun peyi Edon an ki te chèf tout moun k'ap travay ak Sayil yo, di l' konsa: -Mwen te wè David, pitit gason Izayi a lè li t' ale lavil Nòb, lakay Akimelèk, pitit gason Akitoub la. 10Akimelèk te pale ak Seyè a pou David. Apre sa, li bay David kèk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sòlda Filisti a. 11Se konsa, wa a voye rele Akimelèk, prèt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prèt tou nan lavil Nòb. Yo tout moute kay wa a. 12Sayil di Akimelèk: -W'ap tande m', pitit gason Akitoub la? Akimelèk reponn li: -M'ap tande ou wi, monwa! 13Sayil mande l': -Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyè a pou li? Koulye a, men li leve dèyè m', l'ap chache okazyon pou li touye m'. 14Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'. 15Se pa jòdi a premye fwa mwen pale ak Seyè a pou li, mande Bondye padon. Monwa, ou pa bezwen akize ni mwen ni pesonn nan fanmi m' n'ap fè konplo sou ou. Mwen pa konn anyen sou koze sa a, monwa! 16Wa a di l' konsa: -Akimelèk, yo pral touye ou, ou menm ansanm ak tout fanmi ou yo. 17Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo. 18Lè sa a, Sayil di Doèg: -Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prèt Seyè a. 19Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout. 20Sèl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelèk yo, te resi chape kò l'. Li kouri l' al jwenn David. 21Li rakonte David ki jan Sayil te masakre tout prèt Seyè yo. 22David di l' konsa: -Depi mwen te wè Doèg, nèg peyi Edon an, la, mwen te konnen li pa t'ap pa di Sayil sa. Se mwen menm ki reskonsab lanmò tout fanmi ou yo. 23Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David at Adullam and the Massacre at Nob

  • When David took refuge in the cave of Adullam, he was joined by his family and about four hundred men who were distressed, in debt, or discontented. David briefly placed his parents under the protection of the king of Moab at Mizpeh before the prophet Gad directed him to return to the land of Judah.Sources: the Bible text itself · Adullam · Jesse · Gad
  • Nob was a city of priests near Jerusalem where the tabernacle was stationed during Saul's reign. When Saul discovered that the high priest Ahimelech had given David provisions and Goliath's sword, Saul's royal guards refused to harm the priests, but Doeg the Edomite killed eighty-five priests and wiped out the town.Sources: the Bible text itself · Nob · Ahimelech · Doeg
  • Abiathar, a son of Ahimelech and descendant of Eli, was the only priest who escaped the slaughter at Nob. He fled to David with the priestly ephod, remaining with him throughout his exile and later becoming high priest during David's reign.Sources: the Bible text itself · Abiathar · Ahitub

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 3, 4
  • Ramah · Today: within 1 km of Tel el Ful · 31.823, 35.231 · verse 6

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.