1 Samuel 21
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk soti vin kontre l', li te tou ap tranble. Li di l' konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou? 2David reponn li: -Wa a voye m' regle yon bagay pou li. Li di m' pa kite pesonn konnen sa li voye m' fè a. Pou moun ki avè m' yo, mwen ba yo randevou yon kote. 3Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m' senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen. 4Prèt la di l': -Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kèk jou. 5David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal. 6Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre. 7Men jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l' te ofri pou Seyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo. 8David di Akimelèk ankò: -Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m' lòd pou m' te pati prese prese, mwen pa t' gen tan pran ni nepe mwen, ni ankenn lòt zam. 9Akimelèk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l', ou mèt pran l'. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l'. 10Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l' ale lakay Akich, wa lavil Gat la. 11Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil! 12Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la. 13Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li. 14Lè sa a, Akich di moun li yo: -Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l' ban mwen? 15Mwen pa gen kont moun fou avè m' deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?

Did you know?
David's Flight to Nob and Gath
- Nob was a priestly town near Jerusalem where the tabernacle was located during Saul's reign. The sword of Goliath, whom David had defeated in the Valley of Elah, was preserved there wrapped in a cloth behind the ephod as a sacred trophy.Sources: the Bible text itself · Nob · Goliath
- While receiving the consecrated bread and weapon from Ahimelech at Nob, David was observed by Doeg the Edomite, the chief overseer of King Saul's flocks, who was detained before the Lord.Sources: the Bible text itself · Doeg
- David fled for refuge to Gath, one of the five royal Philistine cities and the hometown of Goliath. When the servants of King Achish recognized him from songs celebrating his battlefield victories, David protected himself by feigning madness at the city gate.Sources: the Bible text itself · Achish · Gath
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Valley of Elah · 31.675, 34.998 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org