1 Samuel 11
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf. 2Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont. 3Chèf lavil Jabès la di li: -Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pesonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou. 4Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesaj la, tout moun pete rele byen fò. 5Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabès yo te vin di yo. 6Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè. 7Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil. 8Sayil sanble yo bò lavil Bezèk pou l' pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (0300.000) sòlda ki te moun pèp Izrayèl ak trantmil (030.000) ki te moun fanmi Jida. 9Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabès yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil. 10Yo voye di Nakach: -Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou. 11Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn. 12Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo. 13Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la. 14Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a. 15Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.

Did you know?
The Relief of Jabesh-gilead
- When messengers arrived at Gibeah with news of the Ammonite siege, Saul was working in the fields behind his oxen. He rallied the tribes by slaughtering a pair of oxen, cutting them into pieces, and dispatching them throughout Israel as a summons to follow him and Samuel into battle.Sources: the Bible text itself · Gibeah
- To rescue the city of Jabesh-gilead across the Jordan River, Saul assembled 300,000 men of Israel and 30,000 men of Judah at Bezek, a staging ground situated near the Jordan valley.Sources: the Bible text itself · Bezek · Jabesh-gilead
- After defeating the Ammonites, Samuel and the people gathered at Gilgal, an important sanctuary where the prophet regularly administered justice, to renew the monarchy and formally confirm Saul as king before the LORD with peace offerings.Sources: the Bible text itself · Gilgal
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org