Nations Bible

1 Samuel 10

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a. 2Lè w'a kite m' jòdi a, w'a jwenn de mesye toupre tonm Rachèl la lavil Sèlza, nan lizyè peyi moun Benjamen yo. Y'a di ou bourik ou t'ap bouske yo, yo jwenn yo. Men, koulye a papa ou bliye bourik li yo, se pou ou li gen tèt chaje. L'ap mande: Kisa mwen pral fè pou pitit gason m' lan? 3Lèfini, w'a mache pi devan jouk w'a rive bò pye bwadchenn Tabò a. Lè w'a rive la, w'a kontre ak twa nèg k'ap moute lavil Betèl pou y' al ofri bèt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyèm lan va gen twa pen nan men l', twazyèm lan va gen yon veso fèt an po bèt plen diven. 4Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo. 5Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye. 6Lespri Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesaj ki soti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankò. 7Lè bagay sa yo va rive, w'a fè tou sa ki vin pou fèt paske se Bondye k'ap avè ou. 8Apre sa, w'a pran devan m', w'a desann lavil Gilgal kote m'a vin jwenn ou pita pou m' ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lèfini, w'a tann sèt jou anvan m'a vin jwenn ou ankò pou m' di ou sa pou ou fè. 9Vire Sayil vire pou l' kite Samyèl, Bondye fè Sayil tounen yon lòt moun nèt. Jou sa a tout pawòl Samyèl te di l' yo rive vre. 10Lè Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l'. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesaj tankou yo. 11Tout moun ki te konnen l' anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesaj ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt: -Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil gen lè pwofèt tou? 12Yon moun lavil Gibeya ki te la mande: -Lòt mesye pwofèt yo, ki moun ki papa yo? Se konsa moun te konmanse ap di: Gen lè menm Sayil pwofèt tou? 13Lè Sayil fin danse, lè li te fin bay mesaj, li moute sou ti mòn lan bò lotèl la. 14Tonton Sayil la mande l' ansanm ak domestik li a: -Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l' lan: -Mwen t' al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n' al kote Samyèl. 15Tonton Sayil la mande l': -Rakonte m' sa li di ou. 16Sayil reponn li: -Li di m' yo jwenn bourik yo deja. Men, li pa di tonton l' sa Samyèl te di l' sou koze wa a. 17Samyèl reyini pèp Izrayèl la pou fè yon gwo sèvis pou Bondye lavil Mispa. 18Li di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la di: Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lòt nasyon ki t'ap peze nou yo. 19Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li. 20Lè sa a, Samyèl fè tout pèp Izrayèl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Seyè a chwazi branch fanmi Benjamen an. 21Apre sa, Samyèl fè tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lòt. Seyè a chwazi fanmi Matri a. Lè sa a, li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Seyè a, Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l', men yo pa t' ka jwenn li. 22Y' al mande Seyè a si pa gen lòt moun ankò. Seyè a reponn: -Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo! 23Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fè l' kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout. 24Samyèl di pèp la: -Men moun Seyè a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa Sayil! 25Apre sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Seyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo. 26Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y' ale ansanm ak Sayil. 27Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Anointing and Proclamation of Saul

  • To confirm Saul's private anointing, Samuel foretold three specific encounters: two men near Rachel's tomb in Zelzah, three men at the Oak of Tabor, and a musical band of prophesying prophets at Gibeah of God.Sources: the Bible text itself · Tabor (Plain) · Zelzah
  • Samuel summoned the tribes to Mizpah, a high hill in the territory of Benjamin traditionally used for major national assemblies, where the tribe of Benjamin and the clan of Matri were chosen by lot.Sources: the Bible text itself · Mizpah · Matri
  • Although Saul was a head taller than all the people, he concealed himself among the supplies and baggage until an inquiry to the Lord revealed his location to the crowd.Sources: the Bible text itself · Saul

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 18
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 27

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.