1 Kings 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'. 2Salomon ba yo mesaj sa a pou yo pote bay Iram: 3-Ou konnen ak lagè David, papa m', te genyen ak peyi ki toupre l' yo, li pa t' kapab bati yon kay kote pou yo adore Seyè a, Bondye li a, toutotan Seyè a pa t' fè l' kraze lènmi l' yo anba pye l'. 4Men koulye a, Seyè a, Bondye mwen an, ban m' lapè sou tout fwontyè yo. Mwen pa gen moun pou chache m' kont, ni moun pou fè m' move kou. 5Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an. 6Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo. 7Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a! 8Apre sa, Iram voye di Salomon: -Mwen resevwa mesaj ou a. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo. 9Moun pa m' yo va pote madriye yo desann soti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m' yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m' pwovizyon pou moun pa m' yo. 10Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen. 11Salomon menm, bò pa l', bay Iram sanmil (0100.000) barik ble ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv chak lanne pou l' bay moun li yo manje. 12Seyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt. 13wa Salomon fè ranmase trantmil (030.000) moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve. 14Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil (010.000) moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li. 15Salomon te gen katrevenmil (080.000) moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil (070.000) moun pou pote yo lavil Jerizalèm, 16san konte twamil twasan (03.300) fòmann gouvènè yo te nonmen alatèt mesye sa yo pou kontwole travay yo. 17Wa Salomon te bay lòd pou yo taye kèk gwo blòk nan bèl wòch pou sèvi fondasyon kay la. 18Se konsa bòs mason Salomon yo ak bòs mason Iram yo ansanm ak mesye lavil Gebal yo te pare blòk wòch ak bwa pou bati Tanp lan.

Did you know?
Preparations for the Temple
- King Hiram of Tyre, a major Phoenician maritime city, maintained friendly relations with David and entered into a formal treaty with Solomon. In exchange for cedar and cypress timber from Lebanon floated down the coast as rafts, Solomon supplied Hiram's household with annual provisions of wheat and pure olive oil.Sources: Hiram · Tyre · the Bible text itself
- To prepare materials for the temple, Solomon relied on Phoenician craftsmanship, noting the logging skills of the Sidonians. Builders from Tyre and Gebal—an ancient Phoenician coastal city known to the Greeks as Byblos—worked alongside Israelites to quarry large, dressed foundation stones and prepare the timber.Sources: Gebal · the Bible text itself
- Solomon organized a massive labor force for the project, conscripting 30,000 Israelites who served in Lebanon in rotating shifts of 10,000 per month under the supervisor Adoniram. An additional 70,000 transporters and 80,000 stonecutters labored in the mountains, directed by 3,300 foremen.Sources: Adoniram · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 1
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verses 6, 9, 14
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 9
- Gebal · Today: Byblos · 34.119, 35.646 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org