1 Kings 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Salomon te wa sou tout pèp Izrayèl la nèt. 2Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la. 3Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a. 4Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt. 5Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a. 6Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo. 7Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. 8Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo, 9Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan. 10Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a. 11Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a. 12Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam. 13Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv. 14Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim. 15Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a. 16Bana, pitit gason Ouchayi, pou zòn Asè a ak lavil Bealòt. 17Jozafa, pitit gason Pawouk, pou zòn Isaka a. 18Chimeyi, pitit gason Ela, pou zòn Benjamen an. 19Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a. 20Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan. 21Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri. 22Men pwovizyon Salomon te bezwen chak jou: sansenkant (0150) barik kè ble, twasan (0300) barik farin frans, 23dis bèf angrese nan pak, ven bèf angrese nan savann, san mouton, san konte bèt mawon, mal ak fenmèl, ak bèt volay byen gra. 24Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pa t' ni nan goumen ni nan kont ak ankenn peyi nan vwazinaj li. 25Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo. 26Salomon te gen katmil (04.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda. 27Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k'ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke. 28Gouvènè yo te gen pou bay lòj ak zèb tout kote yo bezwen pou chwal cha lagè yo ak lòt bèt chay. 29Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire. 30Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip. 31Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon. 32Li te ekri twamil (03.000) pwovèb ak mil senk (01.005) chante pou pi piti. 33Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason. 34Moun te soti toupatou pou vin tande Salomon ap pale. Ata wa tout lòt peyi latè yo te pran nouvèl jan li te gen anpil bon konprann. Yo menm tou yo te voye moun vin tande l'.

Did you know?
Solomon’s Court and Administration
- Solomon organized his realm under chief officials and twelve regional governors, each responsible for supplying provisions for the royal court for one month of the year. This network supported Solomon's household with massive daily supplies of flour, livestock, and wild game, while also furnishing fodder for thousands of horses across a realm extending to the Euphrates River.Sources: the Bible text itself · Euphrates
- Solomon's administration maintained continuity with David's court, retaining high priest Zadok, army commander Benaiah son of Jehoiada, and royal recorder Jehoshaphat son of Ahilud. His secretaries, Elihoreph and Ahijah, were the sons of Shisha (also recorded as Shavsha), who had previously served as David's scribe.Sources: the Bible text itself · Zadok · Benaiah · Jehoshaphat
- The biblical account celebrates Solomon's extensive wisdom, noting that he composed three thousand proverbs and over a thousand songs. His recorded knowledge encompassed natural history, ranging from the grand cedars of Lebanon to the small hyssop growing on walls, alongside animals, birds, reptiles, and fish.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 12
- Taanach · Today: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · verse 12
- Argob · 32.969, 36.455 · verse 13
- Bashan · 32.781, 35.935 · verses 13, 19
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verses 13, 19
- Havvoth-jair · 32.588, 35.726 · verse 13
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 21, 30
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verses 21, 24
- Gaza · Today: Tell Harube · 31.504, 34.464 · verse 24
- Dan · Today: Tel Dan · 33.249, 35.652 · verse 25
- East · Today: region around Amman · 31.955, 35.934 · verse 30
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 33
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org