Sofonias 3
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Malè a sila ki fè rebèl e ki vin souye a; vil k ap oprime tout moun! 2Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
3Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten. 4Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa. 5SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
6Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo. 7Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a p ap vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
8“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
9Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl. 10Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin pote ofrann ban Mwen. 11Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an. 12Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a. 13Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
14Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! 15SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. 17SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. 18Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwòch yo ye pou ou. 19Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. 20Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.

Você sabia?
Julgamento, humildade e alegria em Jerusalém
- Sofonias denuncia a corrupção entre as classes dominantes de Jerusalém, comparando seus príncipes a leões rugidores, seus juízes a lobos do entardecer e seus sacerdotes a violadores da lei sagrada. Em contraste, o capítulo retrata Deus como plenamente justo no meio da cidade, aplicando a sua justiça a cada manhã sem falhar.Fontes: o próprio texto bíblico
- A profecia antecipa uma restauração global em que os povos invocam ao Senhor com lábios puros, incluindo adoradores que trazem ofertas de além dos rios de Cuxe, uma região situada ao sul do Egito. O texto enfatiza que os que permanecerem não serão soberbos, mas um remanescente manso e humilde que confia em Deus.Fontes: o próprio texto bíblico · Cush
- Jerusalém é chamada de Filha de Sião, em referência à colina proeminente sobre a qual Davi construiu sua cidadela e que se tornou um nome simbólico para a cidade santa. Em vez de enfrentar medo e opróbrio, a comunidade é convocada a celebrar com alegria à medida que seus cativos são reunidos e restaurados.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jerusalem
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 7, 11, 14, 16
- Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 10
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 14, 16, 18
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org