Zacarias 8
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di: 2Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
3Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
4Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li. 5Epi ri vil yo va vin ranpli ak jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
6Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt etonan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
7Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la. 8Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
9Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati. 10Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo. 11Men koulye a, Mwen p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo. 12“Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo. 13Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
14Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti, 15konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè! 16Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
18Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di: 19Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
20Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil. 21Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’ 22Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.” 23Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman a sila ki Jwif la, e va di: ‘N a prale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’

Você sabia?
A restauração e a futura bênção de Jerusalém
- Zacarias profetizou por volta de 519 a.C. para encorajar o remanescente que havia retornado para reconstruir o templo em Jerusalém após anos de adversidades e conflitos.Fontes: Prophecies of Zechariah · o próprio texto bíblico
- A profecia descreve Jerusalém—historicamente ligada ao Monte Sião—transformada de ruínas vulneráveis em uma cidade segura e próspera, onde idosos apoiados em seus bordões e crianças brincando enchem as praças.Fontes: Jerusalem · Zion · o próprio texto bíblico
- Os jejuns tradicionais guardados no quarto, quinto, sétimo e décimo meses seriam transformados em festas alegres, antecipando uma época em que pessoas de muitas nações estrangeiras buscariam a Deus em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3, 4, 8, 15, 20, 21, 22
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 3
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org